lundi 17 décembre 2012

Ministè Kilti, fòmalize dans konpa ayisyen an!


Kòm Prezidan komite aktivite ak Direktè aktivite kiltirèl mwen te genyen privilèy onore depa yon koup etranje ki te kwafe yon enstitisyon mwen fè pati. Nan lèt agreman an yo te sèl e inikman mande pou òganize yon bal pou wè kouman ayisyen yo danse. Youn nan bagay ki te atire atansyon mwen sè ke yo pran ase tan pou obsève epi leve danse apre 1 è. Yo gade chak sa moun fè epi aji menm jan an. Mwen te enpe enkyè nan mòd apwòch ak obsèvasyon yo sitou nan fason moun yo te danse. Toujou nan sousi pou wè yon ayiti meyè mwen te ape veye yon okazyon pou atire atansyon dirijan yo sou mòd kalite dans nou an. Petèt li deja pase nan tèt anpil enstitisyonis an ayiti lide sa poutan sa poko janmen konkretize tankou nan lòt sosyete kote dans yo fòmèl sa vle di genyen metòd ak taktik pou aprann nan yon tan swivan atitid ou. An ayiti tout bagay devan dèyè ki fè menm apre prèske 6 deseni depi mizik nou an kreye li rete prèske yon mistè pou ayisyen pou leve danse. Mwen, pèsonèlman, mwen konstate nan plizyè bal salon medam ayisyen yo pè leve danse si se pa nan foul ou byen fè nwa. Ou oze mande ki sa ki koze sa? Repons lan senp; Yo pa konnen danse, pandan nan anpil lòt ti kote ti moun tou piti san ezitasyon menm pare pou montre ou kòm etranje kouman dans lakay yo ye. Se pa nan lespri pou kritike di bagay yo pa bon lakay nou mwen ekri atik sa sinon pou atire atansyon nou menm dirijan sou valè sa genyen nan aprann fòmalize kilti nou. Nou kapab pa anvizaje sa kòm yon zouti pou chanyman nan sosyete nou an men mwen menm kòm moun ki enterese a wè ayiti bouje mwen estime e menm konsidere sa kòm youn nan gwo zam devlopman peyi a. Bay mwen enimere 3 pwen sou sa mwen chita pou di sa.
1, Sou pwen touristik: Nou panse relanse ekonomi peyi a nan envitye touris vini vizite nou, pa vre? Sonje mwen toujou di nou touris se sa ki ra, bagay ki  kapte enterè li li ape chache. Youn nan pwemye fason ou kapab akeyi yon touris se ak dans ou. Imajine yon twoup ki ape monte yon koregrafi san menm yon fason fòmèl panse ki veritab konfizyon sa kapab kreye.
2, kote ekonomi: Avèk yon dans ki byen òganize kote tout pa yo egziste epi defini se okazyon pou ogmante ekonomi peyi a nan kreye anpil ti anplwa dirèk ak endirèk. Nou pa kwè? Ak yon bon fòmil anpil lekòl dans ape pran nesans. Imajine 500 nan tout peyi a ki ape montre ayisyen kou etranje danse konpa se deja prèske 2500 dyòb konpri pwofesè dans, sekretè, ajan sekirite, lokal ki ape lwe elatriye. Se pa deja yon bon avans pou nou? Bon...
3, kote sosyal: Pyès sosyete pa kapab kenbe yon rit sosyal si li pa òganize tèt li. Menn nan ti kote pi piti sa nou poko prè an nou mande tèt nou ki sa nou pare pou ofri, sitou lè nou ape pale de touris. Ki sa nou ape envite touris la vini chache lakay nou? Ankò mwen ape poze menm kesyon an: Nou ta renmen ayiti chanje, pa vre? Men kouman?
      Genyen anpil mesye dam ayisyen ki trè eksele nan dans, sa nou panse si nou anboche kèk nan yo pou kreye (envante), estriktire kèk pa nou deja genyen? Se pa twò difisil. O mwen nou ta genyen dans konpa a tankou salsa, merrengue, samba elatriye. Se pa yon gwo pwojè ki pwale mande anpil fon ak dekesman. Sa pape menm pran 2 trimès pou li reyalize. Fè kreye yon pwogram ak yon lojisèl byen fasil kote moun kapab menm otoaprann si yo vle konsa nou va fasilite aksè ak tout moun ki enterese ak valè kiltirèl nou yo sou plan dans ak mizik.
      Bagay yo la deja se sèlman mete yo an egzekisyon. Si nou tout bon enterese a fè peyi a mache nou kapab fè ti pwojè sa an atandan gwo envestiman yo vini pou lajan koumanse rantre nan peyi a.