vendredi 29 avril 2011

Gouvènman sa ape kouri yon gwo risk.

       Youn nan meyè fason moun aprann se sou echèk lòt moun deja komèt pou evite tonbe nan menm erè a. Mwen pa pwofèt malè men mwen wè lwen. Gouvènman sa san li pa rann li kont ape kouri yon gwo risk, yon fot sosyete ki genyen moun ki fòme pape padone ou. Pouvwa pa jere ak santiman sèlman. Ou kapab genyen dezi men ou dwe tou reyini eleman esansyèl, bagay ki enpòtan pou egzekite plan ou yo.
       Nan dènye pawòl nouvo chèf leta a, li manifeste volonte pou kreye yon fòs pou ranplase MINISTAH. Nasyon an ape pran nòt sou chak sa ou di. Si ou pwomèt ou dwe kenbe mo ou. Eske prezidan peyi a kapab refòme lame a nan 5 ane ki pwale vini yo? Li pa enposib men fòk nou reyalis. Prezans blan sou sòl ayisyen an se yon bagay planifye, pwovoke pa yo menm ankò sa vle di chase yo mande estrateji diplomatik, politik ekilibre. Nou ta dwe swa: ranfòse efektif polis la ak amelyore kalite travay yo ou byen edike popilasyon an sou pwen sosyo kiltirèl ak politik bagay ki kapab dire plizyè deseni anvan li rive, ou fòme lame a si nou ta dwe rejwenn chèf leta a. Kesyon nou ta dwe poze se: jis ki bò nou kapab defini responsablite lame fas ak wòl kò polis lan? San nou pa rantre nan detay nou konen travay lame se sekirize teritwa nasyonal la, kontwole fwontyè a epi defann li nan ka genyen gè ki konplètman diferan ak sa polis la genyen pou wè ak sove vi ak byen chak grenn sitwayen. Nan tout fason pou refème lame a nou ape bezwen prepare siko popilasyon an non sèlman sou sa lame D'AYITI te reprezante epi enstywi nouvo kò a pou tounen patriyòt konsekan.
         Blan ki nan sen nou an se akoz divizyon ki egziste nan mitan nou ki jistifye ekskiz pou li ankò la. La menm genyen yon lòt pwen nou touche. Edikasyon nou ape resevwa, an nou di mye timoun nou yo, sifi pou fòme karaktè yo pou fyè ase e menm pare pou lite jouk nan bout nan ka ou ta genyen yon konfli ki opoze Ayiti ak yon lòt nasyon? Nou konen repons lan. Mwen pa negatif men mwen pase nan sistèm lan. Si nou serye nan koze refèmasyon lame a an nou admèt nou dwe dabò rebalanse sistèm edikasyon nou an. Mezanmi kesyon refè lekòl se resikle pwofesè nou yo, defini ki jan Ayiti nou vle, ajiste nouvo prensip, repanse enstiksyon sivik yon sitwayen, aprann jenn yo ki fyète yo ta dwe jwenn nan di yo se Ayisyen. La sèman nou wè bagay la pa pifi. Manke youn nan sa yo se bay fòs a MINISTAH pou li rete sou sòl Ayisyen an pou lontan.  Search Amazon.com for MINUSTAH     
         Patriyotism pa defann nan grangou. Li pare pou envesti yon fòtin jis pou blan an genyen kontwòl ou. Yon jenès ki ape kwoupi nan grangou ki lès ki ape jwenn avantay ki ape kite li ale lè demen li pa menm konnen ki sa li pwal manje? San dout sa fè pati pwoblèm ekonomi peyi a. Pale de ekonomi ki bò leta Ayisyen pwale jwenn lajan pou li peye chak grenn sòlda? Pa di mwen nou anvi bay yon bagay tankou sa lame D'AYITI te ye a? Yon nèg ak yon M16, yon revolvè bò senti li, vi an tèlman chè leswa li oblije fè patwouy pèsonèl a domisil? MMM!!! Nou vle yon lame pwofesyonèl. Pa vre? Konbyen lekòl militè nou konte kreye? Kazèn Desalin tounen BIWO DESEPTYON Prezidan an. Ekskize mwen men se sa li ye mon kolonèl. Genyen inivèsite? Pa ban mwen anana pou sizan. Genyen ki konnen abitywe di: << menm si anbago a vivi anlè, li vini atè nou ape keyi li>>. Asire nou kad ofisyèl lame a fòme pou yo pa sèlman pote yon zam men ki kapab kanpe devan ènmi pwogrè peyi a ak tandans malisye yo pou di: NON! <<An tan ke sitwayen Ayisyen mwen pa pare pou fè yon bagay konsa>>. Pawòl la di si pa genyen sitirè pa genyen vòlè. Tout moun konen renome lame d'Ayiti se fè koudeta. Ki lès ki kapab bay pèp la garanti nouvo lame sa pape rekoumanse avèk pratik sa? Se vre yo di : chanje mèt chanje metye, men pwovèb la di: chen ki abitywe bwè ze, ze li ape joujou bwè. Epi tou se pa nan liv lavi a li di: priye veye?
      Nou ape fè mwen kwè genyen mezi jistis ki pare pou pran nan ka antèt lame a ta tante ranvèse yon gouvènman konstitisyonèl ak bann jij kowonpi sa yo ki ape vann jistis pou lanjan ki fè malere pa kapab defann dwa yo? Apre 3 zan koudeta septanm 91 lan nou ape genyen kouray pou di nasyon an ki moun ki te siyen amnisti pou jeneral lame yo? mwen wont site non moun sa yo. Kòm si san pèp la ki te vèse pou libere nasyon an pa reprezante anyen.
      Nou ta dwe pote anpil atansyon ak sa nou ape di paske genyen moun ki ape obsève jan lavi a pwale. Si nou renmen peyi e deside tout bon vre pou chanje li, Minista ta dwe la pou yon bon 10 zan ankò sou tè Chalmay Peral la. Search Amazon.com for charlemagne peralte Nou kapab genyen yon bon vizyon pou fè peyi a mache men si nou pa touche reyalite sosyete kote nou ape viv la, nou riske tonbe nan menm erè sila yo ki devanse nou te ape benyen.

      Youn ou byen lòt. Swa nou mete an aplikasyon prensip sa yo ou byen etranje an nan sen nou pou tout tan.

mardi 26 avril 2011

Men sa Jeneral lame Dominiken an di dimanch lan

Ki lès ki santi yo konsène pou menas ki panche sou nasyon Ayisyen an? Eske genyen moun ki enfòme sou preparatif peyi vwazen Ayiti a? Majorite popilasyon an mwen sèten pa o kouran.

Dimanch ki te 24 avril lan, nan yon jounal yo rele '' HOY '' nan pay 9a li di konsa: Sen Domeng prèske pran yon envazyon imigratwa ke yo pape kapab fè fas. A 27.500 sòlda deja 3.700 ape veye fwontyè ki separe de peyi yo e ki pa sifi, Majò Jeneral Carlos A. Rivera Potes mande pou yo triple efektif lan ki ta dwe pase a 60.000.

        Preokipasyon peyi sa an depi de kanti lòt nasyon ki ilegal sou teritwa yo a Ayisyen rete sèl andikap majè pou yo. Yon kominote chinwa ak pewouvyen ki jou apre jou ape ogmante pa pil ak pa makòn pa reprezante anyen pou yo ke sa yon grenn ayisyen vle di sou tè yo a.

         Nan yon edisyon anteryè ki date 11 avril 2011 mwen te mansyone nesesite ak pou ki nou ta dwe panche sou koz lame a, jodi a mwen parèt pi enkyè apre deklarasyon Jeneral la e motive plis pou nouvo gouvènman sa peze sou refòmasyon militè yo. Petèt pa pè ou manke volonte tout moun rete sou silans yo kòm si sa ase pou pwoteje nasyon an. E si petisyon majò a ta apwouve? Nan pwochen ane ki ape vini yo Ayiti ape ale genyen pou fè fas ak 60.000 moun ame, non sèlman ekipe men sikolojikman ki fòme pou rayi nou.

        Yon nasyon rete yon nasyon. Dwa ak lavi chak grenn moun dwe pwoteje pa leta kote li soti a. Se devwa gouvènman an pou li asire sekirite sitwayen yo. Men koumna? Nan konstitisyon an li fèmansyon de lame d'ayiti pou veye sou kondisyon lavi chak grenn endividi nan ka ou ta genyen yon afwontman ki ta mete nasyon ayisyen an an konfli. Byen ke li fè mansyon tou de " LONI " pou asiste nou nan ka kote ta genyen yon derapay ak lòt kote, men vwazen nou yo tou genyen menm akò sa, ki pa enpeche yo ogmante chak jou pi plis nonm moun yo genyen nan kò pa yo a.

       Si nou pa wè nesesite pou genyen Search Amazon.com for forces armées d'Haiti yon fòs lokal ki ape sekirize teritwa nasyonal la se paske nou pa santi nou viktim ase de represyon ak britalite Dominiken yo. Deside nou sou kouman nou vle parèt devan je lòt moun ki ape gade nou. Swa lib tankou moun ki pare pou defann valè egzistans nou, ou byen tankou Zannimo sovay nenpòt chasè ki vle ka keyi lè yo pi pito.