Blan ki nan sen nou an se akoz divizyon ki egziste nan mitan nou ki jistifye ekskiz pou li ankò la. La menm genyen yon lòt pwen nou touche. Edikasyon nou ape resevwa, an nou di mye timoun nou yo, sifi pou fòme karaktè yo pou fyè ase e menm pare pou lite jouk nan bout nan ka ou ta genyen yon konfli ki opoze Ayiti ak yon lòt nasyon? Nou konen repons lan. Mwen pa negatif men mwen pase nan sistèm lan. Si nou serye nan koze refèmasyon lame a an nou admèt nou dwe dabò rebalanse sistèm edikasyon nou an. Mezanmi kesyon refè lekòl se resikle pwofesè nou yo, defini ki jan Ayiti nou vle, ajiste nouvo prensip, repanse enstiksyon sivik yon sitwayen, aprann jenn yo ki fyète yo ta dwe jwenn nan di yo se Ayisyen. La sèman nou wè bagay la pa pifi. Manke youn nan sa yo se bay fòs a MINISTAH pou li rete sou sòl Ayisyen an pou lontan. Search Amazon.com for MINUSTAH
Patriyotism pa defann nan grangou. Li pare pou envesti yon fòtin jis pou blan an genyen kontwòl ou. Yon jenès ki ape kwoupi nan grangou ki lès ki ape jwenn avantay ki ape kite li ale lè demen li pa menm konnen ki sa li pwal manje? San dout sa fè pati pwoblèm ekonomi peyi a. Pale de ekonomi ki bò leta Ayisyen pwale jwenn lajan pou li peye chak grenn sòlda? Pa di mwen nou anvi bay yon bagay tankou sa lame D'AYITI te ye a? Yon nèg ak yon M16, yon revolvè bò senti li, vi an tèlman chè leswa li oblije fè patwouy pèsonèl a domisil? MMM!!! Nou vle yon lame pwofesyonèl. Pa vre? Konbyen lekòl militè nou konte kreye? Kazèn Desalin tounen BIWO DESEPTYON Prezidan an. Ekskize mwen men se sa li ye mon kolonèl. Genyen inivèsite? Pa ban mwen anana pou sizan. Genyen ki konnen abitywe di: << menm si anbago a vivi anlè, li vini atè nou ape keyi li>>. Asire nou kad ofisyèl lame a fòme pou yo pa sèlman pote yon zam men ki kapab kanpe devan ènmi pwogrè peyi a ak tandans malisye yo pou di: NON! <<An tan ke sitwayen Ayisyen mwen pa pare pou fè yon bagay konsa>>. Pawòl la di si pa genyen sitirè pa genyen vòlè. Tout moun konen renome lame d'Ayiti se fè koudeta. Ki lès ki kapab bay pèp la garanti nouvo lame sa pape rekoumanse avèk pratik sa? Se vre yo di : chanje mèt chanje metye, men pwovèb la di: chen ki abitywe bwè ze, ze li ape joujou bwè. Epi tou se pa nan liv lavi a li di: priye veye?
Nou ape fè mwen kwè genyen mezi jistis ki pare pou pran nan ka antèt lame a ta tante ranvèse yon gouvènman konstitisyonèl ak bann jij kowonpi sa yo ki ape vann jistis pou lanjan ki fè malere pa kapab defann dwa yo? Apre 3 zan koudeta septanm 91 lan nou ape genyen kouray pou di nasyon an ki moun ki te siyen amnisti pou jeneral lame yo? mwen wont site non moun sa yo. Kòm si san pèp la ki te vèse pou libere nasyon an pa reprezante anyen.
Nou ta dwe pote anpil atansyon ak sa nou ape di paske genyen moun ki ape obsève jan lavi a pwale. Si nou renmen peyi e deside tout bon vre pou chanje li, Minista ta dwe la pou yon bon 10 zan ankò sou tè Chalmay Peral la. Search Amazon.com for charlemagne peralte
Youn ou byen lòt. Swa nou mete an aplikasyon prensip sa yo ou byen etranje an nan sen nou pou tout tan.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.