" Eddy Staling Mendez Ramos " se non yon eleman Dominiken pitit mèt kay kote Rooldine te pwale abite ak frè li yo pati ak li sou pretèks li te pwale montre li yon pi bon kay, vyole li menm ak 2 lòt Dominiken epi touye jenn fi 21 an ak yon kòd epi pike li ak yon kouto lè yo wè li pa mouri.
Papa Stalin, asasen an lè moun ki te ape viv ak manzè yo ale kote li deklare li pate lwe demwazèl la kay se pitit li ki konnen koze a. Madanm misye ak madan kriminèl la genyen tan sove wete kò yo anvan lapolis vini. Yo pran papa a sou presyon endike ki bò yo kapab jwenn Lindor. Moun yo ki panse yo pwale jwenn ti dam lan mare lè yo rive yo jwenn kadav la ki ape benyen nan san li. lapolis arete bandi yo sou deklarasyon papa a kounye a yo nan men lajistis pou ankèt.
Nou eseye kontakte chèch leta a men telefòn li sanble pa twò disponib pou moman sa. Nou poko kapab presipite paske nou pa konnen ki sa yo ape fè kounye a men nou enkyete anpil lè nou konnen bagay sa yo abitywe pase san nou pa janmen bay yon repons ak yo.
San Rooldine koule yon ti moun ki san defans, san fòs pou lite mouri matirize maltrete imilye devan yon gwoup sanginè, san fòmasyon epi espwa pou vini yon bagay demen. Mwen plis ke tris pou tande istwa sa. Mwen deplore epi egzije jistis ak dedomayman pou fanmi viktik lan.
Ou kapab pa santi ou touche apre sa ki pase a. sa kapab pa di ou anyen. Petèt ou kapab santi ou pè akoz presyon politik ki ape fè ravay nan 2 sosyete sa yo men mwen ape di ou kounye a zanmi: Si ou pa pale demen se ape kou pa ou ou byen yon pwòch ou.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.