3 Mwa depi sosyete ayisyen an ape konnen yon move moman akoz diskisyon chire pit ki egziste nan mitan dirijan peyi yo. Anpil pwopozisyon chita pale, kòlè, boude, fache voye monte tout moun ape opine sou ki lè yo ape fini pa jwenn yon antant. Mesye marthelly pèsonèlman desann nan chanm lan nan lide pou wè si li ta kapab konvenk palmantè yo men san siksè. Yo kanpe sou desizyon yo Gousse pa ratifye. Kesyon nou ape poze se: ki lè depite ak senatè ayisyen te renmen ayiti konsa pou yo te genyen tan wè nan Mesye Conille moun ki ape vini chanje sosyete a? Kote negosiyasyon, chita pale, pòs minis finans yo te ape mande a? Kote konstitisyon yo te ape defann nan kesyon majorite palmantè ki dwe pwopoze Pwemye minis lan? Sa pa a la mòd ankò? Mwen ta renmen mande ki lès ki mèt peyi a nan kout kat sa? Sa vo lapenn!!!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.