Pandan peryèd koloni fransè a nan Sen domeng esklav yo adopte yon mwayen pou pale ak mèt yo. Konsa, kreyòl ayisyen an pran nesans soti nan fransè. ak laverite tankou tout lang sou la tè li sibi modifikasyon ak anplifikasyon chak ane natirèlman ak ajou lòt mo tankou "zenglendou" ki parèt an 91 ak Editoryalis Nancy Rock si memwa mwen pa fè mwen defo pou dekri moun ki ape kase kay moun lan nwit, ak "Minista" eksetera..., konotasyon mo yo kapab pran menm lè yo te deja egziste tankou "Jinou Mondesir", "Valdo Jean" ki tounen yon referans pou dekri fewosite ak abi sou fanm, ou stil ayisyen itilize lè yo ape pale san ke pa genyen yon akademi ki defini a fon nati li.
Nan atik 5 konstitisyon 1987 la, li afiche 2 lang. Kreyòl kòm nasyonal sa vle di sa tout moun dwe pale a, ak kreyòl plis fransè kòm ofisyèl ki vle di yon adopsyon, yon bagay ou prete. Men kote bagay la mele a se yon pwoblèm adaptasyon. Depi nivo preliminè jouk inivèsitè enstriksyon yon ti ayisyen fèt an fransè. Li aprann, li li, li redije an fransè menm lè enstriktè a abòde li an kreyòl. 95% etidyan ayisyen mete yo kanpe menm lè yo fini ak etid dezyèm sik yo pou fè yon konvèsayson an fransè, apre 1 nè si yo tout pa vire kite diskisyon an mwen peye ou. Ki sa ki pase? Genyen yon move baz ki poze depi nan kreyasyon nasyon ayisyen an. Fransè rete yon lang prestijye, e sèlman moun ki nan klas eze yo ki genyen fasilite pou aprann li fasilman akoz rezon ekonomik. Anplis metòd yo itilize pou anseye li lekòl yo kreye yon baryè sikolojik ki mete ti moun yo nan anbara pou eksprime yo. Deja li di nan anpil etablisman si ou pa pale fransè ou pa genyen nivo poutan sa ki vle aprann li yo oblije fèmen bouch yo pou lòt pa ri yo lè yo fè fot.
1, Yon jenès medyòk,
2, yon pèt nan idantite nou.
3, yon jenerasyon ki mal fòme ape toujou bay tip dirijan nou genyen jodi a.
Si deja istwa ayisyen an rete yon bagay ki mal defini, mete sou sa yon sistèm aprantisay ki fòme ou pou aprann li nan yon lang ou pa domine, donk ou pape janmen konprann, rezilta sosyete a pou toujou ape rete sa sa li ye jodi a e menm pi mal chak jou ki pase. Kounye a si tout bon nou vle refè sosyete ayisyen an, nou dwe radikalman transfòme sistèm edikatif la.
1, elimine fransè a kòm lang ofisyèl
2,tradywi tout liv anseyman yo an kreyòl.
Nou kapab toujou ankouraje yon moun aprann fransè pèsonèlman menm jan yo fè li pou anglè ak espanyòl men edikasyon yon pèp fèt nan lang li pale. Epi se ape yon mwayen pou nou pwomosyone valè kiltirèl lang kreyòl la. Nou se sèl pèp sou latè ki pale li vini mete sou sa ki pase 12 janvye 2010 a bay ayiti yon renome entènasyonal kote anpil lòt nasyon ape chache opòtinite pou relasyone yo ak nou.
Desizyon sa ape afekte anpil moun nan tout kouch sosyal men yo pa dirije ak emosyon. Swa nou anvizaje chanyman oubyen nou fèmen bouch nou lè moun ape pale peyi.
Lang Franse se lang Petion ak fanmili te konnen itilize pou kaponen pèp la. Yo fè la jistis anfranse pou pèp la kab kodane san konprann.
RépondreSupprimer