lundi 11 avril 2011

Ayiti genyen yon ènmi jire. Refòme lame a.

Ayiti genyen yon advèsè potansyèl, yon ènmi jire ki depi syèk ape lite pou kontrekare li, pou tire revany sou sa ki te pase. Yon sosyete malgre anpil jenerasyon ki pase toujou kenbe rankin sou sa nou te fè yo. 20 tan nou te fè nou ape okipe Sen Domeng tounen objè yon èn etènèl. Nou peye konsekans lan. Depi gè endepandans yo jouk jodi a, genyen plis ke 200.000 mil Ayisyen ki mouri met sou 52.000 Rafael Leónidas Trujillo Search Amazon.com for Rafael Leónidas Trujillo ansyen prezidan diktatè domminiken te touye a nan masak yo rele Perejil la nan dat 28 septanm pou rive 8 oktòb 1937. Yo imilye pèp sa pi mal ke twal yo siye pye. Nou pa genyen valè. Nou san respè. Anyen nou fè pa bon pou yo. Tretman yon ayisyen sibi se kont pou yon moun ta di ou deja peye pri peche ou nan jou jijman an. E se pa sifi. Yo genyen na panse yo vizyon, yon rèv pou pi piti yon jou anvayi teritwa nou an. Yo tante. Sa fè kèk mwa sèlman aktywèl Prezidan yo a Leonel Antonio Fernandez prepare 8.000 sòlda pou voye ranfòse kontenjan minista a. Yo genyen yon lame 32.000 moun ki chak jou ape ogmante. Yo ekipe. Yo ape resevwa fòmasyon e tonton Sam ak yo. Pou nenpòt ti deblozay, kèlkeswa akochay la Ayiti kabapb retwouve li devan yon kondisyon difisil pou li soti venkè. Search Amazon.com for Police nationale d'Haiti Nou genyen yon fòs polis ki genyen apeprè 7.000 moun. Pi fò ladan yo rete ak fòmasyon yo te resevwa nan akademi an. Yo pa resikle. Twaka ladan yo ame ak yon kalib 45. Sila yo ki pa konnen Sen Domeng, mwen, mwen deja konstate kouman dominiken atake ayisyen menm lè yo pa fè anyen.

        Kesyon yo se: yon jou bagay la ta mare, yon dyèl ta pete kouman Ayiti ape soti nan konba sa? Nou pare pou nenpòt evantyèl sitiyasyon ki ta mete 2 peyi sa yo Search Amazon.com for Haiti / Saint Domingue sou yon teren lagè pou reponn ak egzijans yon konba? Pran tout polisye nou yo mwens militè dominiken yo genyen 25.000 ki te ape rete. ki lès ki te ape kanpe fas ak kantite sa? Polisye nou yo jwenn fòmasyon sikolojik ase pou lite ak lame sa?
       
        Pyès moun pa di mwen anyen! Nou tout temwen sa ki ape pase nan monn lan. Peyi ki genyen zam nikleyè ape frape, pa mande pou nou ki pa genyen menm ase manchèt. Ki sa nou ape fè? Nou ka di mwen Ayiti siyen pou loni pwoteje li nan moman yon atak, nou tèlman se yon pèp yo renmenn, yo anvi defann pou li pa viktim.

        Preokipasyon nouvo gouvènman sa ta dwe pandan 5 an sa pou refòme lame a. Pa yon jandamri. Refòme lame a. Yon fòs 500.000 gason ak fanm. Jan sosyete a ape mache a yo riske mete nou an karantèn. Si nou pa veye a nenpòt moman nou ka viktim nenpòt move atak. Se vre nou genyen jouk kounye a souvni de sa lame ayisyen an te reprezante nan sosyete nou an, men di mwen: ki sa FADH te kabab fè kò polis lan pa kapab fè? Dayè ki lès ki nan tèt li? L'armee D'haiti Et Les Evenements De 1957

       Si ou se yon ayisyen ki renmen idantite ou, ou ta dwe pare pou defann teritwa nasyonal la. Ki sa ou pare pou ou di nouvo chèf leta a konsènan refòmasyon lame a?

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.