vendredi 1 avril 2011

Ayiti se pou ayisyen. Pèsonn pape soti kote yo soti pou vini dirije nou.

        Nou tout konnen AYITI malad. Anpil tante geri li, men yo poko janmen reyisi. Depi apre lanmò Desalin genyen yon van divizyon ki soufle sou sosyete a ki separe klas yo. Kesyon an se: Koumnan nou kapab trete yon maling si olye nou swanye li, aksyon nou yo ape anvlimen li plis? Malere an pa vle wè gran nèg, moun ki genyen kòb yo ape peze sa ki pa genyen, san yo pa rann yo kont yo se kòkòt ak figawo youn pa kapab viv san lòt. Imajine pa te genyen faktori ki bò ti pòv lan te ape viv? E moun ki nan bezwen an pa te nan nesesite kouman boujwa a te ape fè milyon li yo? Rechèch montre sèl sosyete kote popilasyon an ini, genyen yon sèl vizyon ki devlope. E sa tèlman fèt rapid menm moun nan twasyèm jenerasyon yo benefisye chanyman yo.
         Ki potansyèl avansman yon moun kapab espere lè yon nasyon pa konnen ki kote dwa li fini ak lè pa yon lòt koumanse? Li pa sifi pou nou konnen bagay yo pa byen, nou bezwen touche ase nan sa ki ape pase yo pou nou aji. Fè aksyon! Bagay ki kapab vire peyi a kote vle kou ou pa vle tout moun afekte. Refren an di: << menm aksyon yo toujou bay menm rezilta>>. Chak 5 an nou nan eleksyon. Toujou sou menm baz la; yon chans nou ape pran. Se pa fason sa moun espere chanyman. Tout tan nou rete sou menm lanse ya pa genyen yon pa nou ape fè.
        
Si nou vle Ayiti pwogrese genyen 3 bagay pou nou knosidere.
1, Kase chenn divizyon ki sepeare gran nèg ak ti nèg la. Ak laverite tout moun genyen ran yo. Men se pa nan fason nou wè li a.

2, Fòme tèt nou. Aprann dwa ak devwa nou. Pyès moun pa kapab grandi nan inyorans. Mwen pa konen si nou te deja rann nou kont de sa, men kite mwen raple nou li; Nan eta sa nou ye paske nou se yon bann moun san edikasyon. Lè mwen mansyone edikasyon mwen fè referans ak moun ki inyore dwa yo e ki pare pou pyetine pa yon lòt. Nan yon pwochen edisyon mwen a va di nou ki sa sa vle di yon pèp ki pa edike.

3, Fè presyon sou dirijan yo. Egzije sa nou genyen bezwen. Se pa yon favè yo ape fè nou. Se yon obligasyon pou sèvi nou. Se nou ki te ale pran solèy la pou vote yo epi se ak kòb nou yo touche. Ki sa pou nou pè a? 
        Sila yo ki santi yo touche pa sa ki ape pase yo dwe koumanse motive lòt moun pou chanje. Kèlkeswa sa ki ta monte nan tèt leta a tounen otomatikman lidè tout ayisyen. An nou sipòte li nan fè ti bagay ki parèt pi senp yo.
        Ayiti se pou ayisyen. Pèsonn pape soti kote yo soti pou vini dirije nou.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.