vendredi 16 décembre 2011

Ayiti anfen ouvri pou envestisman.


Se pawòl anbasadè ameriken an an ayiti fè semenn ki soti pase a nan yon aktivite li te òganize lakay li. Ouvri pou envestisman ta vle di antreprenè ameriken kou lòt nasyon ape pwale vini envesti nan peyi a. Li vle di tou ensekirite a pwale elimine ou diminye pou pi piti ka yo menm ankò souvan make ayiti kòm zòn nwa akoz nivo ensekirite a ki ape fè ray. Si mwen byen konprann sa vle di to chomay la pwale bese kote plis ayisyen pwale jwenn travay. Depi genyen envestisman ou pwale wè yon lòt koulè sou vizay nasyon ayisyen an. Men si nou entelijan nou ta dwe mande ki koz ki fè depi tan sa yo peyi a pa te janmen ouvri pou biznis? Mwen pape antre nan detay sa paske mwen kwè mwen fè li plizyè fwa deja men yon bagay li di ki atire atansyon mwen se: Prensip fondamantal ki enpeche etranje genyen tit pwopriyete an ayiti. Nan konstitisyon 87 la li klèman defini nan atik 54-1 ki nivo yon etranje touche nan kesyon genyen byen an ayiti. Jouk jodi a si mwen pa depase li rete yon mit paske atik sa poko remanye. Eske antreprenè ameriken yo aksepte mache selon prensip konstitisyon an nan envesti menm lè yo pa genyen okenn garanti sou pwoteksyon dwa pwopriyete yo ou byen genyen yon antant ki fèt menm lè pèp la pa okouran? Sa mwen poko kapab reponn li men sa sèlman mwen konnen zòn nò a derive nouvèl kapital ayisyen an, ankò yon lòt tèt chaje paske ann dan menm konstitisyon an li di pòtoprens se la kapital peyi a dwe ye atik 1-1.
"Plis pase 20 ane depi ayiti ape rate okazyon pou li bouje sou plan ekonomik" se sa chaje afè ameriken an di. Jodi a sa make lespri mwen paske vizyon pa mwen se wè o mwen chak ayisyen jwenn yon mwayen pou rezoud pwoblèm ekonomik yo nan nivo yo kapab. Genyen esperans ou byen se sèlman yon koze mete la?
     A chak ayisyen pou pwofite de sa ki genyen pou vini yo nan fason yo estime ki ape bon pou yo.

1 commentaire:

  1. se sak tap bon pou ayisen kap vi n nan mond la ayiti ouvri pou nou pitit tè a ki di se nou

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.