mardi 13 décembre 2011

Dyòb Depite ak senatè, yon bèl komès an ayiti!

Konbyen lejislati ki pase depi ayiti kreye? An nou konte. Ki wòl yo, ki sa yo genyen ak vini fè pou nasyon ayisyen an? An nou gade kounye a ki kote ayiti ye. Responsablite yon palmantè se vote bon lwa ki rantre nan enterè nasyon an. Jodi a fè ayiti 23 mwa ak anpil jou depi yon seyis pase ki kite tè a devaste, an nou di ka sa moun sa yo regle pou rekanpe peyi a? Ki kote moun sa yo soti? koumnan yo fè kote yo ye jodi a? Genyen twòp tolerans mannigans ki ape fèt an ayiti ki koz li pape janmen chanje. Bèl oto, kay, fòtin yo ape fè sou tèt yon bann moun ki ape kwoupi nan mizè, kouman fè ayisyen jouk jodi a pa leve kanpe pou mete yon fren nan moun sa yo? Prèske 2 milyon ayisyen ape viv sen domeng san nasyonalite. Yo pa dominiken ni konstitisyon ayisyen an pa bay yo plen dwa paske yo fèt sou yon teritwa etranje, ki sa yo ape di nan ka sa? Chyen lage nan tout lari ape simen bav yo tout kote san nou pa rann nou kont ki maladi sa bay, ki palmantè ki panse panche sou ka anviwonman an? Poutan mi chato yo monte byen wo, apre ou fini vote yo ou pa menm kapab wè je yo vwa pou ou ta prezante yo yon petisyon. Ki anfen lè goud la ape nasyonalize kote mwen pape nan pwòp peyi mwen bezwen konvèti lajan mwen an an yon lòt pou mwen achte? Yon lòt kesyon pou mwen fini ki lè ayisyen ape deside sispann voye moun san karaktè ak kapasite, kouray ak pèsonalite pou reprezante yo?
      Ayiti pa kapab kontinye nan fason sa. Nou pape voye monte pou kreye plis panik ke jan sa ye nan peyi a men nou dwe koumanse bare wout ak kolonn pa itil sa yo.

1 commentaire:

  1. Bel travay... Mwen apresye komante'w yo... Fo'k mwen retounin avek plis titan pou bay ti kout min tou nan sans ke mwen kapab. Sa va ban'm shans pou'm avanse prakit lang Kreyol mwen.
    M'en na kouri kounye'a ... Ma retounin plita.

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.