mardi 6 décembre 2011

Kòm ayisyen ki sa ou itil ayiti?

 Plizyè milye moun ki swa fèt nan peyi a oubyen genyen branch trip yo ki antòtchye ak nasyon an espere yon chanyman ki kapab mete imay sosyete a nan yon nivo mondyal. Yo tout ta swete wè ayiti tankou lafrans, kanada ou pi zou mwen tankou repiblik vwazen an. Men kounye a an nou reflechi yon ti kras sou kondisyon vi a nan peyi a. Pèspektiv chak moun diferan de youn lòt. Sa ki reve prezidan, majistra depite ou nenpòt pozisyon kle nan gouvennman an. Se bon e menm nòmal pou yon moun aspire a nenpòt sa li vle vini ye. Pyès moun ou antite pa kapab retire dwa sa nan men pensonn. Men menm la ankò peyi a bloke malgre nou genyen tout pòs sa yo ki konble ak moun ki fòme, kapasite pou travay nan domenn sa yo. Plizyè fwa nou diskite sou koz blokay la, moman sa se pa pou di rezon an sinon chache debat pou wè kouman pou nou solisyone bil ki balonnen nou yo. Mwen pa konnen wòl ak misyon ou ou menm ki ape li atik sa nan moman sa nan peyi a, men mwen si ou enpòtan e konte nan refòm ki pou pote delivrans lan. Bay mwen di ou ke esansyèl la se pa sa ou ape fè a sinon jan ou ape fè li a. Ou se yon chany, pa vre? Se yon egzanp, epi pa genyen anyen mal nan sa ke yon moun se doktè, agwonòm ou kiltivatè. Yo tout genyen wòl ak nesesite yo nan avansman yon kominote. Soulye a lè ou etwaye li ou fè li klere, ou imajine kouman patwon an ape onore ou, felisite e menm prèt pou tann jouk lè ou vini pou li netwaye li? Kòm medsen akouchman an sou responsablite ou, konbyen fanm dam sa ape refere ou paske senplemen ou te pran ka li?
      An nou rantre plis nan vi nasyonal la. Youn nan devwa yon meri nan yon komin se asire li ke zòn li an pwòch e lib de fatra, bagay ki kapab koze maladi. Chofè kamyon an pase a tan, pou ranmase sa moun nan kominote a jete. Ou menm kòm sitwayen ki onore anviwonman kote ou soti a deside pou anpile tout debri yo nan pozisyon ki fèt pou sa, ou pa janm jete yon nan lari, nan ravin ou rigòl lè lapli ape tonbe pou enpeche twou rego yo bouche, evalye ki chenn sa fè. Ape genyen plis kòb ki rete nan kès leta, ou ape an sante, minisipalite a ape rete pwòp, ayiti ape atire plis touris, ak lajan sa gouvenman an ape jwenn ase pou peye polisye yo pou sekirize etranje ki vini vizite nou. Depi yon kote genyen touris envestisè ape anvi vini mete kòb yo deyò, ak envestisman sa chomay la ape diminye e pou ki pa elimine nan sektè nou an.
      Ou menm tou depite. Pèp la ki vote ou a se pa pou figi ou sinon pou ou aprann nan koperasyon ak senatè yo vote bon lwa ki nan avantay yo. Pandan ti tan ou ape pase nan chanm lan ki sa ou regle pou peyi a? Si ou te ape bay tèt ou nòt konbyen konsyans ou te ape jije aksyon ou yo? Ou sèl ki konnnen. Patwon ki ape dirije antrepriz lan sonje ti malere a se redi li ape redi vann ou jounnen li pou reponn ak bezwen kay li, sa ou panse si ou amelyore salè li a nan yon espas ki kapab pèmèt li rezoud kèk ti sousi ki ape preyokiope li? Li ape bon pou ou zanmi mwen. Ou te ape fè mwens pèt, paske kwè mwen si ou vle tout ti vòl yo ape fè anba anba yo se koz tout ti diferans sa yo. An retou manman ou papa sa te ape pase plis tan lakay li pou edike ti moun yo, te ape genyen mwens delekans nan sosyete a, paske ankò to kriminalite a se rezilta yon manke siveyans sou ti moun ki lage pou kò yo pou edike tèt yo. Vi ou te ape pi sekirize. Ou ape di ou genyen ajan sekirite? Ou janm panse konplo yo souvan soti nan moun ki pi pwòch ou yo? Mwen si ou pi konnen sa mwen ape di yo.

      Bay mwen repete sa pou ou: Ou enpòtan e menm konte pou ayiti. Sa ou ape fè a asire ou li fèt byen e pou avansman nasyon sa. Sispann espere mirak. Ayiti pape chanje si nou menm ayisyen nou pa dabò chanje mantalite ak fason nou ape aji.

1 commentaire:

  1. bel bagay mwen dakò a tout sa nou di yo...se pou ayisyen respekte client yo nan biznis...ayisyen gen gro san trop,,,client se nimero 1 nan biznis...se nou tout ki pou chanje mantalite nou, se vre...nou tout sipoze fe pati nou nan kominote a... I'm doing it already...opening a computer school for children nan mars la...i trying to do more.

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.