jeudi 1 mars 2012

Marthelly m'ap di'w 3 bagay

1, Rele dèyè Frizt Cinéas swa dizan Anbasadè Ayisyen nan Sen Domeng lan pou konnen ki jan li ape trete dosye sa paske mwen bouke ak moun k'ap plede ekri mwen sou pwen sa. Selon sa yo di mwen yon pakèt etidyan y'ap fè vèse 25 a 30.000 peso pou koze rezidans depi 10 mwa ki pa janmen siyen. Ti moun yo se etidyan yo ye, paran yo pa gen mwayen, anpil ladan yo se anba tant paran yo ape kwoupi pou wè kouman yo ka fè edikasyion yo nan peyi sa mwen pa wè kouman yo ka deside konfiske kòb ti moun yo nan men yo. Ak la verite peyi yo pou yo pyès moun pa ka enpeche yo pran desizyon yo vle men se pa yon rezon pou kite lese ale sa, dayè si yo pape bay ayisyen rezidans ke yo afiche yo klèman epi yo pa ka kontinye ap kenbe kòb ti malere yo anba men yo. Ki sa Cinéas ape regle nan peyi sa?
2, Dosye Eleman taba sa se pa yon ti kriz li kapab pote nan peyi a. Arete li sou kèlke swa motif valab la ap anboche yon veritab kriz ki pape fasil ni pwofitab pou nasyon ayisyen an. Mwen pa jij ni travay nan kou jistis ayisyen donk mwen pap rantre twò fon nan bagay sa men sa sèlman mwen anvi di ou, fè anpil atansyon ak pran prekosyon pou tan kap vini yo pou ayiti pa retwouve li a bò yon dilèm san presedan. Penitansye se pa pozisyon ki ka resevwa nonm sa, sa vle di nou ta dwe chita sou konnen kouman dabò nap trete koz sa anplis ou estime jij nou yo ase konpetan pou trete zafè sa nan moman sa? Tout moun ki genyen dosye kont misye nou estime yo ap genyen ase asirans pou vini depoze plent kont li? Polis nasyonal la ase kore pou fè fas ak dilèm sa si patizan ak senpatizan ansyen rejim li an ta leve kanpe pou fè dezòd? Minista ape rantre nan koz sa si bagay la ta dejenere? Konbyen ennmi an pwale pwofite de sitiyasyon sa pou fè kapital politik yo nan sosyete a? Mwen pape pran menm bagay nou te fè pou kesyon eleman Sen Mak la nan tèt mòn lasiri a non. Nou ape demele nou nou fè jistis blayi sou tout krim ke nonm sa genyen non li site. An touka nou a deside nou.
3, Pyès moun pa ka egzije yon moun pou li genyen tout savwa pou li fè yon peyi mache. Li pa menm obligatwa pou yon tip rive prezidan yon nasyon, dayè Jeneral Jean Jacques Dessalines akeri tout nivo li yo nan milye konba sa vle li posib pou yon moun fòme tèt li nan nenpòt sitiyasyon ak moman sepandan, peyi a pa yon jwèt, yon espas moun vini fè sa yo vle. Apre 6 mwa ou rive monte yon kabinè ak favè ou dimwens lòd moun ki te fè pwopozisyon an jwenn yon Premye Minis. Si ou pa te renmen fòm tèt li se nòmal pou ou te pran tan ou pou fè pwopozisyon yon moun ou estime ki pare pou mache ak pwogram ou an. Se pa ou ki te di se pa moun ki te fòse ou pran Gary Conille kòm Premye Minis? Ki presyon ou te genyen dèyè do ou? Nan espas pèp ayisyen an ap viv la, nan mizè atwòs sa se pa moman pou nou kontinye ap jwe ak li. Yo pa rele paske esperans yo se yon jou jwenn yon moun ki ka tande, konprann epi solisyone pwoblèm yo, mwen pa kwè fason nou ap mennen bak nasyon an ap yon bon rezilta pou amelyore vwa chanje kriz kap bwase bil li a. Mwen espere ou ape pran sa an konsiderasyon e pou ki pa repanse kouman ou ap manniganse pouvwa ou la. Sinon, pèp sa pa tout tan jwe ak moun non ti frè.

1 commentaire:

  1. mwen pap antre tro fon nan afe moun tou men kom konsey mwen ta ba ou zanmi pam c pa tout info moun ba ou san ou pa analize li ni gen sous li pou ou fe yon atik sou li...

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.