vendredi 20 avril 2012

Sa ou antann pa inifye Haiti ak Republique Dominicaine Marthelly?


An 1869 Etazini sou gouvènman Ulysses S. Grant Pwopoze ayiti pou inifye ak Sendomeng, yon pwopozisyon ki bwè lwil swivan reyaksyon 2 sosyete yo ki te nan gwo konfli politiko ekonomik. Mwen dwe mansyone pou sila yo ki ape swiv monte ayiti sitou pou moun ki konnen byen istwa peyi sa ke Ewo ki te fòje endepandans nasyon sa depi sou Tousen, Desalin, Cristòf, Bwaye ak menm dirijan nou pase nan dènye syèk sa rèv yo se rive wè ayiti ak Repiblik Dominiken fè yon sèl. Mwen leve men mwen pou di swè mwen kòm moun ki ape grandi se wè sa konkretize piske sa rantre nan kad istorik, mach a swiv lidè mwen yo ak pou anpil lòt motif valab, sepandan jan mwen souvan di li, politik pa fèt ak pasyon. Pou administre yon peyi sitou pou konkretize yon tèl objektif genyen anpil bagay pou nou mete an evidans. Ane pase Lionel Antonio Fernandez aktchywèl Prezidan Repiblik Dominiken an avwe ke Etazini kanada ak lafrans pandan plizyè deseni ape eseye pou konvenk yo pran desizyon pou ralye yo ak nou menm ki donk ayiti. Si nou entelijan nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo: Si Ayityi ak Sen Domeng se 2 peyi ki a pa antye gran moun tèt yo, lib pou dirije yo menm ki motif ki fè se 3 nasyon sa yo ki vle inifye yo? Si yo genyen sa nan plan yo a ki fen sa ape abouti? Pou mwen genyen yon pakèt diferans ant kominote antènasyonal la ak yon antite patikilye ki genyen enterè li nan nasyon ayisyen an. Si sa rive fèt ki sa ki ape benefis 3 potagonis sa yo mwen vle di
1, ayiti,
2 Sen Domeng
3, moun ki dèyè inifikasyon sa?
Pi devan nou va jwenn repons la, kounye a nou ape avanse.
An 1801 Dominique Toussaint Sauveur Alyas Louverture anvayi Repiblik Dominiken pou mete deyo lame fransè a ki te pran tout lil lan kèk mwa anvan sa. Desalin apre li fini monte anperè fè menm bagay la an 1805 nan lide pou chase rès lame fransè a ti te anko sou teritwa aktchywèl peyi sendomeng. Bwaye nan akò li ak Nuñez de Caceres an 1822 jwenn favè pèp Dominiken an dirije tout lil lan pandan 22 an yon eksplwa ki jouk jodi a mete 2 nasyon sa yo dozado nan tout sans.
      Reyisi a fè sa mache ta dwe rezilta anpil estrateji ki chita sou plan edikatif, sosyal, kiltirèl ak politik. Pou di ou vrè fòme yon sosyete, ou di mwens chanje mantalite li pa yon bagay ki pi difisil ke sa ou te ka panse a pi devan mwen ape montre ou ki sa vle di nan sa. Pa genyen balans ki jis ki pape fè diferans ant 2 pwa diferan. Ayiti sou anpil pwen an reta devan nasyon vwazen an, nou dwe konsyan epi onèt nan sans sa. Fè li fè yon sèl ak lòt bò a pwale anboche anpil tèt chaje pami yo nou ka site:
1, pwoblèm fwontyè. Pou di genyen inyon nan mitan 2 sosyete fòk pa genyen limit fwontalye. Sa vle di an gran jan olye mwen bezwen yon viza ak paspò mwen ka sèlman pran machin swivan milye jeografik mwen ape soti a epi mwen deplase, tan pou mwen ta di 27.000 ak 48,442 km2 mwen te ape jwenn yon il antye ak yon sèl pèp, yon sèl mantalite ak tandans. Poutan lè mwen analize antrevi ou ap ak jounalis la mwen pa rive byen kopye atitid ou vizavi sa yo rele inifye nasyon an. Mwen ape eksplike mwen.
1, Ou di ou ta renmen wè pitit ou travèse epi retounen lakay li san baryè, Prezidan sa pa vle di inifikasyon 2 sosyete sinon 2 pèp ki trete pou viv san diskòd. Inifye yon peyi vle di yon sèl gouvènman, kilti, lang ofisyèl, lajan, sèl sistèm edikasyon elatriye.
2, Ou mansyone yo devan nou ekonomikman pou sa ou ape mande yo konkou pou retire peyi a kote li ye jodi a, sa vle di nan bon sans li anko Marthelly yon asistans ou byen okipasyon ideyo/politiko ekonomik. Eklèsi sa pou mwen jis pou mwen genyen yon ide de ki sa nan 3 bagay sa yo ki vizyon ou. Nan ka yo ta elimine bòn fwontalye yo sa pwale pwovoke plizyè lòt bagay ki kapab byen debouche sou diferan kriz tankou: ayisyen ape lib pou navige nan espas ki jodi a aktchywèl Repiblik Dominiken an vise vèsa ki pwale avanse posiblite pou genyen melany nan tout sans. Dominiken ki pwale san limit akouple ak Ayisyen 2 gwoup moun ki lè yo pa jwenn limit galope tankou cheval nan savann, ou an mezi pou korije sa yo nan ka yo ta envesti yon lòt konfli? Kouman jenerasyon ki la jodi a ape konsevwa sa? Mwen ape raple ou mantalite 2 pèp sa yo trè diferan nan kouman youn wè lòt. Ou pran nòt de sa? An nou avanse.
2, Nan mòd administratif ta dwe genyen yon sèl gouvènman ki vle di olye genyen 2 prezidan kounya a ape genyen yon sèl ak fizyon moun nan tou 2 kan yo kòm administratè. Se sa ou genyen ou byen moun ki anvi wè sa yo nan plan nou? Moun ki ape genyen pou pran tèt leta a pwale dirije nan enterè yon sèl pèp, sèl nasyon ou byen ape aji ak desizyon inilateral? Depi genyen malany ant plizyè ko li bay yon noulèl antite, nasyon ki pwale fome apati de 2 konsèp sa yo ape lib pou tèt li ou byen? Si wi kote 3 pisans ki kache dèyè mantalite sa? Mwen pa di non men mwen byen doute ke sa kapab jan li trase selon prensip yo. Antouka mwen pa konnen. Pi devan toujou.
3, Kounye a mwen ape tounen je mwen vè kominote entènasyonal la. Mwen pape pran nou pou inosan nan ka ou sa ta pwovoke yon evantchyèl tèt chaje nan ane ki genyen pou vini yo. Pou ki? Nou konnen byen ki sa nou ape fè lè yon nasyon tankou ayiti rete san yon lame depi 1995 jouk jodi a ki se yon kaskèt chinwa pou refòmasyon li ak yon peyi vwazen ki byen ame ak yon fòs militè kou polis ki genyen plis ke 40.000 moun fanm kou gason epi yon minista ak cha, zam lou ki antoure ayiti. 2 rejim ki pa genyen menm mod fonksyonman, dezekilib nan mitan moun yo santiman prejije ape toujou prime. Nou kapab pa wè sa ou byen nou fèmen je nou paske nou genyen yon kalandre an egzekisyon sepandan tout sa pèp ayisyen an sibi li pa reyaji se lè li deyo, nan ka li sou 27.000 km2 li a li pape janmen koube li anba pyès moun. Nan ka ta va genyen yon chirepit nou asime responsablite nou?  Nou pale de mete moun sa yo chita èske se nan dezekilib sa nou vle rantre ou byen genyen yon plan ki sekrè ayisyen pa okouran? Fè mwen konnen li souple. Mwen prevni nou nan 20 ane ki ape swiv aksyon sa yo yon veritab gè ant 2 pèp sa yo. Kwè mwen si nou vle nou pape janmen kapab lave rad nou devan limanite.
      Pou mwen tounen avè ou Marthelly, on ti kras istwa ta kapab mete ou an gad de pase nou. Si jeneral Jean Jacques Dessalines nan redije konstitisyon 1804 la de entèdi etranje genyen byen nan peyi a pou fransè yo pa te tounen sou pretèks pwopriyete yo pou mwen sa se te yon pwofesi, yon mizangad, vizyon yon klè vwayan ki te ape imajine kouman pou pwoteje, sekirize nasyon ayisyen an. Si ou pa te konnen mwen ape fè yon ti avanse pou ou nan sa ki pase nan peyi a. Motif ki akouche a okipasyon 1915 lan se te 3 bagay fondamantal:
1, prezans kominote alman an nan enfliyans li nan sen klas boujwa ayisyen an ak ekonomi peyi a
2, kako yo pou chèf Rosalvo Bobo ki te koumanse atake byen ameriken yo nan peyi a tankou Haitian American Sugar Company (ASCHO) ak
3, lajan CITYBANK lan yo te prete leta ayisyen pou remonte ekonomi an ki te an fayit nan epòk sa.
Si ou genyen nan rèv ide pou mache an akò ak plan yo ou dwe konsidere anpil fasèt swa nan istwa nou ou nan konstitisyon an. Sonje nan katriyèm pati konstitisyon an depi nan atik 53 jouk 57 konstitisyon ayiti a li di ki limit yon etranje genyen an ayiti. Anplis raple ou ou an afè ak yon sektè ki sa li di jodi se pa li li fè demen, si ou wè li souri avè ou atann nan fon kè li li genyen yon sipriz pou ou.
      Inifye ayiti wi, men nan enterè ki moun? Ki benefis yon ti ayisyen ape genyen? Mwen byen okouran se pa ou menm sèlman ki sibi presyon sa, dayè depi deblozay fefriye 2004 la nou sou wout pou pèdi tout souverènte nou men sa mwen ape mande ou nan moman sa pou di ou konprann byen sa ou panse fè a ou di mwens sa yo konvenk ou pou deside fè a? Deja desizyon sa revyen a nasyon an e non ak gouvènman an pou pran. Dayè pyès gouvènman pa dirije nan fason li estime sinon jan pèp la vle pou li administre peyi a. Ou konsilte ayisyen yo deja? Mwen pa kont ide a men fè yon ti voye je ou gade edikasyon sivik ayisyen yo ak panse remonte ekonomi nasyon an apre sa ou va deside konnen sou ki wout pou ou mache paske nan fè byen menm kadav ou istwa kapab yon jou jije.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.