Affichage des articles triés par pertinence pour la requête 11 kategori. Trier par date Afficher tous les articles
Affichage des articles triés par pertinence pour la requête 11 kategori. Trier par date Afficher tous les articles

lundi 23 janvier 2012

Tout prezidan ayisyen echwe paske yo pa genyen yon ideyoloji politik.


Nan youn nan atik mwen fenk soti pibliye yo mwen te di nou motif ki fè genyen tout koripsyon sa yo nan leta, jodi a mwen ape montre nou kouman lidè nou yo echwe malgre bon volonte yo genyen pou defann nou.
5 an se 5 jou. Pou ou reyisi mete peyi a sou yon ray ou bezwen derasinen sitèm ki an plas la paske tout moun ki ladan ape benyen nan menm labou a donk pa genyen espwa pou ou amelyore vwa chanje li ak yo menm ankò. Nan fason sa se ta monte ak yon ekip tou nèf. Prezidan yo jis monte panse yo kapab devlepe peyi a ak fòs kouray yo. Chanje yon sosyete tankou ayiti mande estrateji ki baze sou konnen plan advèsè a. Sonje mwen te di nou deja peyi a divize an 11 kategori. klike la si ou pa te ko konnen sa. Yo genyen kote pozitif ak negatif yo swivan klan ki monte nan tèt leta a. Pou ou asire yon devlopman ou bezwen genyen kontwòl tout 11 antite sa yo. Men kote lidè nou yo peche a. An nou pran yon egzanp. Pouvwa lejislatif la, mezanmi padone mwen mwen menm pèsonèlman mwen ape mande ki motif kò sa an ayiti, se youn nan gwo andikap ki enpeche nasyon an mache. Ki sa anpil prezidan fè? Yo eseye itilize fòs pou konbat li. Se byen men sonje fòs envizib la se enfiltre kote ki genyen dezòd pou kreye plis panik. Lè konsa ki sa li fè? Li patwone advèsè a pou kanpe dan sere pou bòykote ou. Solisyon an se monte ak yon gwoup palmentè ki pare pou mache nan ideyoloji ou ape pwone a. Men kesyon an se: Ki prezidan ayisyen ki genyen yon ideyoloji politik? Ou mèt fache. Montre mwen li si ou kapab. Dayè depi plis ke 4 deseni ayiti pa janmen bay yon prezidan ki se yon fran politisyen an nou di ki konnen vrèman soufrans pèp la ak kouman pou soulaje doulè ayisyen yo. Ou kapab di sa ou vle men mwen rete konvenki ke tout moun sa yo se moun nati a mete sou chemen nou men ki pa te kalifye pou dirije nou. Sinon yo ta fè pepinyè. Pou di verite yo fè wi men se pa sa ayiti bezwen an ni ki kapab solisyone konfli nou yo. Yo tout vize prezidan kòm si lè yo monte yo pwale fè moun mache ès ès san yo pa raple yo ayiti renonse ak sistèm sa depi egzistans li. Genyen lòt ki itilize titès pou anfen wè si yo ta fè tan yo men se pa sifi paske moun sa yo pa kwè nan devlopman sinon kenbe pèp la nan inyorans pou li pa konnen kouman pou li revandike dwa li. Yon sistèm pa derasinen ke pa yon lòt sistèm. Solisyon an se vle kou ou pa vle mete an karantèn tout pouriti sa yo a kote epi ranplase yo pa sila ki vize bon kondisyon vi sosyal nasyon an.
Kite mwen di ou malgre sa je pèp la kale.

vendredi 25 novembre 2011

Yon pèp san karaktè kondane pou li mache tèt a tè

      Yo jiblile moun yo vle fè gras, ou menm libere tèt ou lè ou santi kondisyon sosyal yo pa bon pou ou. Deviz yon nansyon se sa ki fè sa li ye nan nenpòt sitiyasyon. Ayiti se yon peyi ki divize an 11 kadegori.
1, mas pèp la,
2, klas boujwa a,
3, prezidans ak manm gouvennman yo,
 4, pouvwa lejislatif la
5, otorite jidisyè yo,
6, medya yo,
7, kò polis la,
8, endistri ki ape founi vagabon ak move entansyon yo
9, elit entelektyèl la
10, kominote entènasyonal la ak
11, bon zanmi ayiti yo.
Fas ak kriz ki ape travève sosyete ayisyen an ki lès nan kouch sa yo ki ou pa responsab? Karaktè yon moun se sa ki fè valè li. Se li ki detèmine ki reyaksyon, aksyon li dwe pran devan nenpòt pwopozisyon. Nou rive nan pozisyon kote sitiyasyon an dejenere. Angiz bagay yo chanje yo ape anplifye. Grangou, chomay, yon vag ensekirite ki ape soufle a chak moman mete tout moun nan refleksyon pou mande ki kote nou ape rive. Poutan mwen menm genyen 2 lòt kesyon. Ki sous tout pwoblèm sa yo? Ki sa ki fè yo pa ko solisyone? Ou vle mwen di ou? Jwèt sikolojik ak depandans. Sa sa vle di? Sikoloji se syans ki etidye reyaksyon ak konpòtman tout sa ki genyen vi. Gran pisans yo nan lide pou kontwole ou itilize taktik, teknik, metòd pou afekte kondisyon mantal ou. Sou premye sa yo jwe se sou vant ou. Pwovèb la di chen gran gou pa jwe.Tout sa yon moun kapab fè se sove vi trip li. Ki fè tout ti trezaksyon yo bezwen fè yo veye lè mizè a ape ogmante pou yo atake ou. Dezyèm estrateji yo se ensekirite. Pyès moun pa ta renmen viktim. Tout moun menm lè yo lèd, pòv ta vle dire pou tout tan genyen tan. Otomatikman ensekirite a ape monte ou ape chache yon ti kwen mete kò ou. Kouman yo fè sa? Yo divize sosyete a an miyèt moso. Yon dezekilibg total kapital kote okenn yerachi pa respekte. Yon fwa yo nan mitan yo jwenn kontwòl ou. Pou echanje soufrans mizè a yo pwopoze ou sistèm enperyalis la ak yon fòm chomay degize. Diri pèpè, lwazi konsantre men yo ape toujou sou tèt ou. Lè ou pa dakò yo pase nan faz B ki se ensekirite a ki egzije ou chita negosye. Kòm ayiti se yon peyi ki jouk jodi a rete pezib nou pa nan nivo teyoris, moun ki ape mete bonm sou yo, sosyete ki ape fabrike zam nikleyè nou pa reprezante twò gwo menas pou newon yo men sa fè lontan yo te pase nan kategori c ki se bonbadman ak anvayisman teritoryal.
      Erezman nou se yon nasyon ki fò diplomatikman menm lè nou pa rann nou kont. Nou devye tout plan ak estrateji ki vize abolisman souverennte ayiti ki se eritay Jean Jacques Dessalines ak lòt yo te mouri kite. Men travay la apenn koumanse. Si nou ta vle libere tèt nou anba chenn mantal sa genyen 4 bagay nou dwe koumanse pa mete an evidans.
1, kraze chenn divizyon ki separe youn ak lòt la.
2, reyòganize nou kòm sosyete sa vle di defini yon lòt kòd vi
3, fèmen je nou sou tout sa yo ape ofri nou. Nou genyen ase resous pou fè peyi a mache san nou pa bezwen twò gwo bourad. Tout tan nou rete sou sa yo ape lonje men bay nou nou ape toujou plase nan menm nivo a. Pa bliye chak fwa yon moun kapab lonje men li bay ou pou sekouri ou nan yon sitiyasyon defini se yon pati nan pèsonalite ou ki ale, yon diminisyon nan karaktè pèsonèl ou ki rive. Pa montre ou depann de moun tout tan se prèv ou santi ou pare pou ou vole ak pwòp zèl ou.
4, pare pou ou fè fas kare ak tout sa ki bare nou.
      Tout jwèt marèl, imilyasyon, diskriminasyon, represyon sosyal, matretman fizik ou sikolojik, depòtasyon abitrè dè fwa ilegal peyi vwazen an ape fè sou nou ayisyen se egzèsis aplikasyon plan byen prepare pou aprann nou aksepte kondisyon yo pwopoze yo. Poutan si nou pran yon ti tan pou nou reflechi nou ape rann nou kont ki sa nou reprezante nan balans kay moun sa yo. San nou yo pa anyen. a tè plat yo tonbe e yo pa genyen dwa janmen leve si nou pa la.
            Ekse ou konnen ennmi an se pwòp ou menm li itilize pou deywi ou ankò? Mè wi ti mal. Pitit ou, zanmi, vwazen, moun ki ape kotwaye ann dan fon kay ou. Kòlèg travay, ti eleman ki rete dèyè teren an, menm sa yo ou ape tycheke lage yon bagay nan men yo a se yo ki pwale tounen espyon ak move zangi pou atenn ou. Chache metrize kantite ou kapab. Achte yo si posib nan tout fason ou panse ki ape mete yo sou kontwòl, idantifye sous kote yo branche epi ekate yo pou evite yo devye ou sou plan ou.
      Elas, tout rèv nou ta vle genyen ape rete yon imajinasyon pou ayiti chanje si nou pa aplike prensip fondamantal sa yo. Ki lè nou ape aprann defini yon lòt fason pou nou viv? Depi egzistans sosyete sa mizè a te toujou la, ni li pape soti totalman. Chak moun dwe jwenn yon mwayen pou yo siviv, men se pa rezon tou pou nou kite moun ape menmen nou ak sa nou menm sifi pou kreye. Montre o mwen nou pa sèlman vle viv lib ak endepandan sinon nou pare pou reziste ak kèlke swa sa ki ta dwe rive a!