Nou santi nou bouke nan gade ki jan pwodiksyon nou yo ape fini detwi nan rimè ki ape kouri kòm si ayiti ta sibi abi lòt nasyon nan simen move bagay pou enpeche koze lakay nou yo grandi. Nan tèt kole ak otorite pòtyè nou yo lame pwale travay pou kontwole ak fè peye enflasyon tout moun ki tante sivole espas aeryen nou yo san pèmisyon. Yo di ti peyi ti mès. Pa genyen lajan, manke travay men nou dwe koumanse rantre fon nan kesyon modènizasyon an. Li lè pou nou sispann panse piti.
Genyen yon kesyon nou vle poze Mesye Marthelly paske nan pawòl li yo malgre bon volonte li montre nou nan zafè lame a nou santi genyen swa yon feblès ou byen yon manke kapasite nan domèn sa. Nou pa twò egoyis. Nou kapab konprann sa. Se petèt taktik Ekselans lan tou lè li di Ayiti pa pwale nan lagè ak pèsonn. Men kesyon an se: ki sa Marthelly genyen nan tèt lè li pwononse bagay sa? Konfli yo vini tout jan, nenpòt lè ak pou nenpòt rezon. Ki moun ki konnen lè yon gè ape deklanche? Ayiti pa genyen lajan nou konprann fòk ou itilize sajès ak diplomasi sitou lè ou ape solisite èd men nou menm ki ape obsève dwe santi nou klè sou entansyon ak desizyon ki ape pran nan pwoteksyon ayisyen yo. Ankò prezidan an presize yon fòs nan ka li ta pase yon dezas. Byen si se travay lame a tou men konbyen enstitisyon sekouris ki ape travay nan sove moun lè ensidan sa yo rive ki manke ekipman pou ki leta ayisyen pa panse estriktire yo olye li ale depanse lajan nan kreye yon lòt enstitisyon medyòk? . Ant 20 ak 30 milyon dola Lidè peyi a vize depanse pou kreye lame li anvizaje a pou ki li pa pataje li ak la kwa wouy, kadas, ponpye elatriye nan founi yo bon jan materyèl pou yo kontinye sèvi popilasyon an? Pa kapab genyen mayi nan diri. Wòl lame se defann nasyon an devan tout danje ki menase li ke li fizik ou byen ak zam. Nou ape mande otorite nan gouvènman yo pou yo eklèsi sa pou nou. Nou vrèman konfi.Yon lòt gwo pwen nou pa kapab pa soulinye se kesyon fòmasyon jenn kò sa. Pwale genyen 2 pwoblèm majè ki pwale poze.
Youn se finans
lòt la se karaktè ayisyen ki pwale afekte nouvo inite a.
An ekonomi yo souvan di moun ki jere ou se li ki koumande. Li pwouve paske nan nati lòm lan menm li toujou genyen tandans a fè ou fè sa li vle lè se li menm ki ape ede ou e non pa sa ou deside. Nou te ape poze kesyon an pandan Michel Marthelly te ape vizite zòn nò a li te di genyen 5 peyi ki konte kopere pou lansman ofisyèl jesyon akademik militè yo men nan dènye entèvansyon li an li mansyone BREZIL
Manman koze a se fòmasyon karaktè militè sa yo. Nou pa genyen anyen pou nou pè. Lame d'ayiti ki te kreye apre 1915 lan te toujou o sèvis moun ki te kreye li a nan fè koudeta, maltrete epi touye popilasyon an. Li pa ta kapab lòt jan paske tout sa yo te vize se kontwole sistèm politik la ki se yon vyolasyon ak sa lame a genyen pou fè nan peyi a. Brezil malgre eksplwa li pandan dènye moman sa yo rete yon peyi ki genyen anpil pou li fè nan koze entèn lakay li e ki ankò fòk nou di li se yon ti peyi ak anpil ka kidnapin vyolasyon militè yo ape fè sou dwa moun. La frans kòm ansyen sosyete ki domine monn lan e ki rete yon pisans nan koze ameman nikleyè avèk yon ekonomi ki stab ta kapab parèt yon fòs nan ede nou men pou rezon istorik 2 peyi sa yo
Nou ta dwe panse mezanmi seryezman sou sa ki ape fèt la. se moman pou ayiti vanse e non fè plis bak ke jan li pwale a. Je nou ouvri sou tout ti sa yo konte fè ki genyen pou wè ak vi ayisyen yo dirèk ou endirèkteman.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.