Monte Bazin nan kèlke swa fason an ta dwe mache nan enterè blan an. Petèt nou te kapab benefisye e pou ki pa wè ayiti bouje, avanse kiltirèl ak ekonomikman men sa se yon istwa ki ape pran tout yon vi pou nou eksplike.
Prezans Aristid nan eleksyon 90 parèt prèske an dènye. Yon sipriz ki gate tout planifikasyon. Pèp Ayisyen akeyi kandidati li kòm yon soulayman pou konbat rejim makout la. Men sa ki mete Jean Bertrand Aristid prezidan 16 desanm 90.
Blan an ki konprann sa prepare li nan tout fason pou enpeche yo pèdi yon pwochen eleksyon. Kon sa an 2006 yo prepare 3 potansyèl kandida men elas, Sèl pèp ayisyen ki konnen ki sa yo vle, ak ki jan pou moun dirije yo. Swa ale chache ou byen pwopoze René Garcia Préval se te sèlman yon fòm pou motive nasyon an pou pran chemen biwo vòt poutan ayiti pwale bay yo yon lòt leson. Konpòtman pèp la te montre dezenteresman li pou patisipe nan eleksyon 06 la fòse blan an ale chache Préval Mamlad jis pou motive moun yo ale vote. malerezman pwopozisyon sa elimine planifikasyon yo te genyen nan ajanda yo. Nou dwe di se pa yon nonm yo twò degoute. Petèt nan ouvèti li nan bay yo sa yo bezwen fè yo sipòte li. Pi devan mwen va eksplike pakou manda li yo pi byen pou ou.
Ayiti genyen yon tandans politik selon vizyon ak kilti yo ki montre ki jan pou ou dirije li. Pou menen pèp sa li pa mande pou ou domine yon syans sinon aprann obsève pou ou konnen sa yo vle. Pa bliye Ayiti se yon ansyen koloni revòlte ki di non ak mizè, enjistis sosyal, diskriminasyon rasyal ak tòti fizik sou tout fòm. Kèlke swa pwojè ou pou yo, anplwaye youn nan sistèm ki site pi wo yo se raple nasyon sa pase li e otomatikman fè yo reviv sa zansèt li yo te konnen pase. Malerezman depi kreyasyon mouvman ayisyen an sèl yon lidè popilè ki kapab mennen bak yo. Mwen di popilè, yon moun ak slogan epi konpòtman ki kont kolon neoliberal yo.
Swa ou pa dire, konplo mete ou atè
ou byen pèp la ankò kouri dèyè ou.
Advèsè yo pisan e yo fòme yon klan. Ak pèp la ki pa tolere ou bay li manti. Ou di li ou pa tolere blan an se chase li nan sen ou. Ou pwomèt manje a gogo fòk li koumanse wè plantasyon yo ki apefleri ki pa toujou fasil paske youn nan 2 gwoup sa yo pa danse kole poutan pyès nan yo pa kapab reyisi si yo pa mete tèt yo ansanm.
Genyen yon nouvèl jenerasyon ki ape boujonnen. Je ti moun yo koumanse klere. Yo egzije anpil. Anpil pwomès ak plizyè sektè ki vle monte nan tèt leta a. Nenpòt enterè ou kapab jwenn nan sosyete ayisyen an yon sèl bagay ki kapab kenbe ti pèp sa trankil se lè ou satisfè egzijans jenès la ki se:.. Mwen pape di ou li la kounye a.
Bay kou bliye. Pote mak sonje. Sèl nasyon ki pa janmen padone sa ou fè li pase.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.