mercredi 30 mars 2011

Ou menm ak Ayiti kote nou ap ye an 2016?

Jou yo pase byen vit. Anvan ou bat je ou jounen an fini. Sa ki pi tris lan sè ke genyen yon lòt ki ape pare pou koumanse. Peyi an tounen yon lanfè. Pa genyen sekirite, dwa pou manje, ale lekòl. Ti moun pa jwenn lwazi. Ou ta kite li, pyès kote pa pran ou pou anyen. Poutan nou chaje dirijan. Chak 5 kan nou pwale vote. Nou deside moun nou vle menm si se nan tatonnen.  Nou fenk soti nan eleksyon.  Li ta sanble genyen yon pon ki etabli ant mas la ak sektè ki pi rich lan menm lè yo di lajan konnen fè moun bliye rasin yo. Se ankò yon chans. Pèsonn pa konnen sa li ape pote. Poutan jou yo pa kanpe. 5 ane ape pase nou pwale genyen pou fè yon lòt chwa. Vle kou pa vle desizyon  an ape chita sou rezilta pwochen gouvènman an. Si nou reyisi ak ekip sa se bon pou peyi mwen. Sinon yon lòt rekoumansman. Ti moun ki genyen 13 ape genyen 18 tan nan moman sa. Yon lèt jenerasyon ki ape pare pou monte. Ou menm ki pi zou mwen prepare,  ki sa ou ka fè pou edike klas ki ape vini an pou konnen sou ki baz pou yo chazi yon elektè?

1 commentaire:

  1. Sa ta dwe premyeman travay paran yo pou sansibilize ti moun yo. Apre edikate yo answit moun ki nan pwoch anviwonman yo tankou dirijan legliz ak zanmi yo. Nou dwe dabo genyen yon lot konsepsyon de sa sosyete ayisyen an ye ak ki sa nou espere de li. Aprann timoun yo pran desizyon ki ap dire pou la vi, epi egzige sa yo vle de yon lide avan yo vote.

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.