vendredi 21 octobre 2011

Ayiti Libi, istwa ki ape repete.


Depi 1774 jouk 1915 Etazini enfliyanse politik ayisyen an jouk li anvayi li. Plizyè rejim soti sou Toussaint Louverture rive sou Joseph Davilma Théodore lite, reziste kont yon evantyèl apwòch ameriken yo sou sòl ayisyen an ke yo jije nan moman sa ki te tandansye e yon atent a souverennte nasyon ayisyen an. Politik se yon kesyon enterè, yon prensip "bay mwen mwen a bay ou". Pou pwoteje teritwa nasyonal la moun sa yo te oblije fè rekou ak plizyè fòs dè fwa ilegal pou defann yo. Byen ke li pran yon lòt fòm ak lòt non tandans monn lan toujou rete menm bagay la. "Mache komen". An 1915 ayiti prèske izole ak rès monn lan mete li nan yon defisi enòm. Kako yo, yon gwoup sivil ame nan tèt yo Rosalvo Bobo deside tounen kont Davilma Théodore paske li pa te kapab peye yo, fòse li demisyone. Jean Vilbrun Guillaume Sam ki te nan peyòd sa kòmandan divizyon nò jandamri nasyonal la pran tèt peyi a. Malerezman pou anpil lidè doktrin sa rete enkane lan lespri yo. Ekate, egzile ou byen elimine fizikman tout moun ki opoze ak gouvennman yo a ou byen patizan yo estime ki twò potansyèl. Konsa, Simon òdone Général Charles Oscar Etienne masakre Ores Zamor ak 166 lòt prizonye politik ki te penitansye nasyonal 27 jiyè 1915. Pèp la ki te fanatik Ansyen Prezidan Zamor an kòlè rantre nan klèb fransè ak anbasad Dominiken rache Charles Oscar Etienne ak Guillaume Sam epi mache nan lari Pòtoprens ak kadad la.
      Istwa sa pa twò diferan ak sa ki pase Libi a. Byen ke mantalite ak kondisyon vi 2 pèp sa yo diferan tandans lan travèse sikonsans lan. Mwen vrèman afekte lè mwen tande nouvèl la, sitou nan pozisyon defèt ak tretman lidè libyen an Jeneral Mouammar Kadhafi  sibi malgre vizyon ak ideyoloji li pou pèp la. Mwen pa janmen viv libi ni eksperyans yon diktatè ayisyen pou anpil tan men mwen kapab santi soufrans libyen yo te ape sibi. Mwen pa rejwi nan lanmò pensonn anplis se yon defèt pou limanite atent fizik Jeneral Mouammar Kadhafi, yon destriksyon ideyolojik konplè, yon patrimwa'n, yon Ewo mondyal ki tonbe, men kesyon mwen ta dwe poze se: Nan ki sans sa kapab sèvi dirijan ayisyen yo leson? Ki konpòtman mwen espere wè kay gouvennman ki ape genyen pou mennen bak nasyon ayisyen an?
      Mezanmi wòl yon lidè kèlkeswa jenerasyon an, edikasyon ak kondisyon sosyal pèp la pa janmen varye. Se estabilize ran sosyal yo, diminye vi chè a ak bay sitwayen yo aksè pou yo fonksyone lib e libè selon lalwa. Sèl yon pèp ki kapab trase destine li e defini ki wout pou li swiv. Pou nenpòt rezon ki kapab mete ou nan tèt yon peyi, pase de nesesite sa yo yon jou kou jodi a ou ape tonbe.
      Monn lan se tankou yon chenn ak chak sosyete kòm mayon. Ou lib pou ou ekskli tèt ou si ou vle. Men. elas! Malgre enpòtans pozisyon ou lan kapab genyen, sèk la ape fini pa fèmen sou li menm. Kounye a imajine ou menm ki pou kò ou nan inivè a.

      Nou kapab deside mache je fèmen pou fè kòm si nou pa konprann verite a, men kwè mwen si nou vle an byen ou an mal nou ape genyen pou nou fè fas ak reyalite a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.