jeudi 20 octobre 2011

Yon nouvo depa pou ayiti

5 mwa depi pèp ayisyen an fini chwazi yon lòt vwa pou li swiv opozisyon ant palmantè ak prezidans lan bloke peyi a sou plizyè pwen. Fòmasyon yon kabinè ministeryèl se te defi eli 16 me 2011 lan. Jodi a ayiti genyen yon premye Minis ak tout kabinè li. Figi moun sa yo genyen yon pase ki pa fè mwen ni byen ni twò mal sèlman li rete pou mwen viv e wè destinasyon nasyon ayisyen an.
      A 19 an e 2 mwa de 2032 se yon long atant ak esperans. Petèt mwen ak ou kapab mouri nou pa viv moman sa men poutan se tan ki defini pou anfen ayiti rantre nan è mondyal la selon politik jenral premye minis la Gary conille. Michel J. Marthely di rèv li se chanje ayiti. Plizyè fwa nan anpil okazyon swa devan tribin loni ou Sen Domeng pwopo li se: <<fwa sa Ayiti kanpe sou pye li>>. 172.000 ti moun ale lekòl ane a san yo pa peye yon goud ak yon plat manje cho. Hummm? 400 kay deja kreye plis 3.000 lòt sou kou pou yo kostywi dapre sa li rakonte. Pawòl la deja ape pale. Mo a se: Gouvennman Marthelly/Conille, 2 gason ki deside rantre nan lit pou sove onè nasyon ayisyen an ki depi 2 syèk ape lite pou konsève yon eritay pou ki zansèt li yo te goumen e menm bay vi yo. Se pa piti, tout moun konnen. Sosyete a divize an plizyè sektè. Klas defavorize a, entèlektyèl yo, moun ki rich, milat, politisyen, potagonis etranje ki genyen enterè sou nenpòt fòm nan peyi a ak sila yo ki ape fè dilatwa pou enpeche li vanse. Yon chanyman pou nasyon ayisyen an egzije ke nou vle li ou pa patisipasyon aktif tout ti klan sa yo. Rekonsilyasyon nasyonal ak yon jès sinyifikatif Prezidan peyi a fè nan chita pale ak ansyen dirijan yo kore tandans lan men menm la ankò travay la lwen pou li sanble demare. Jistis sosyal, envestisman, sekirite, yon nouvo kad edikasyon, pwofesyonalizasyon ak kapasite moun ki ape poste nan peyi a, plis ankadreman pou jenn yo, asirans pou moun ki deja rantre nan lay avanse, nou genyen anpil pou nou fè pou nou ta soti kote nou ye a jouk nou rive 2032. "Di dyab bonjou li ape manje ou pa di li bonjou li ape manje ou". Ayiti mare akoz konplo envizib la ak yon sistèm leta ki inefikas swa nan fòmasyon pwofesyonèl, ou nan lese grennen ki genyen nan moun ki plase pou rann jistis ak rès pèp la. Pou solisyone pwoblèm lan li mande pou nou itilize yon taktik ki chita sou diplomasi, fleksibilite sa vle di aprann fè konsesyon epi restriktire sistèm fonksyonman leta a ki ape bay moun libète pou fè sa yo vle.
      Li klè nan deklarasyon Conille lan ke ayiti bezwen moun ki konpetan pou reprezante li devan kominote entènasyonla la. sa ta vle di selon sa mwen konpran nou ta dwe seleksyone sa ki miyò yo ou byen ale fè lekòl yo. Pandan tan sa peyi a genyen ijans. Nou pa kapab rete tann ankò paske ou nan faz 2 ki se lafen. Ki sa nou kapab espere pou nouvèl ane 2012 la ki se moman desizif derapman nouvèl tandans mache ayisyen an?

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.