mardi 11 octobre 2011

Eske ansyen militè yo genyen fòmasyon pou fòme lame a?

Kote analis ayisyen yo? Mwen fè yon semenn mwen ape gade ki sa moun yo ape di sou soti dokiman Prezidan peyi a mwen pa tande pensonn di anyen sou sa kòm kwa yo pa pa pote atansyon ak sa. Pawòl la d:i: "sa pòv genyen se li li pote nan mache". Ou pa bay sa ou pa genyen. Prezidan peyi mansyone 2 tyè nan fòmasyon nouvo kad lame a ape depann de ansyen militè yo, sèlman 1 ape genyen pou wè ak minista.  Ki donk, si nou te entelijan nou ta dwe mande ki fòmasyon nouvo lame a pwale resevwa? Eske nou pa ta dwe espere wè yon lame ki genyen menm reyaksyon ak gwoup pase yo piske fòme yo genyen eksperyans ki bati sou kapasite edikatif yo. Ki chanyman nou kapab atann nan men kò tou nèf la ki pwale diferan ke sa ansyen militè yo te konnen ofri? A mwen ke ansyen kad lame a ta refè fòmasyon pèsonèl yo. Ak yon kategori moun ki depi 16 zan pa pèfòme menm pou tèt yo yo reprezante yon danje. Vini jwenn yon jenerasyon ki genyen yon edikasyon nètman opoze ak sa ki te la anvan 95 lan. Anvan, pèp ayisyen te genyen rekou manchèt, baton, wòch ak kawotychou, aktywèlman reyalite a chanje.
      Se vre se pa tout manm FAD'H  ki te enplike nan zak malonèt men li rete yon eksepsyon pami règ la ke nou pa kapab oze fè yon tiray ak yon peyi ki pa konsève pyès achiv sou antite jeneyalojok ayisyen yo.
      Li mansyone retrèt pou moun ki avanse nan lay yo, sa bon. Men se yo ki ta dwe asire fòmasyon ak relèv rekri yo paske se yo an jeneral ki genyen kapasite pou sa, anplis kòm yerachi li revyen ak yo pou fè sa kòm enstitisyon ki genyen yon òd li ape swiv. Kapasite pwofesyonèl ti Mesye Dam yo dwe asire pa moun ki eksperimante e pèfòme pou kriz mondyal la. Yon peyi tankou Iran, Lachin sosyalis se ta kapab yon bon rezo pou edikasyon pwofesyonèl jenn nou yo.
      Fas ak danje ki peze sou do rès monn lan li egzije konfòmite ak anpil taktik pou reponn a nenpòt danje spontane. Nan okenn fason, ansyen militè yo pa pare pou edike pil bann moun sa yo ki deja grandi nan yon sosyete kote prensip moral yo pa aplike. Pa bliye, lame la pou defann nasyon an e non rantre an konfli ak li sof nan ka enstitisyon polis la ta parèt enpisan devan pwoblèm lan. Pandan 3 mwa ki soti pase la yo, antrenman mwen wè moun ki swadizan ki te nan lame d'ayiti yo te ape fè a sifi pou asire depa MINISTA? Fè mwen konnen pou mwen kache kò mwen pi lwen.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.