mercredi 12 octobre 2011

Ki pi gwo priyorite pèp ayisyen an?

Tout ayisyen kèlkeswa apatenans yo nan sosyete a reyini an ti gwoup pou debat yon sèl sijè; "ki priyorite nasyon ayisyen an?
      Sèk ki fòme kominote imen an reklame bezwen pwemye nesesite yo kòm manje, jwenn swen sante elatriye. Vi an pa te fini twò bon, mete sou giyon natirèl 12 janvye 2010 la mete peyi a atè plat. Plizyè milye moun jodi a apre prèske  2 zan ankò ape dòmi nan lari. Ensekirite a ape fè yon parèt byen ke timidman. Gran gou a egzajere, ak yon edikasyon ki pa reponn ak nòm mache entènasyonal la, pa genyen sèvis nan pyès enstitisyon, reyaparisyon lame d'ayiti, gouvennman ameriken an a chak moman ape mete ayiti sou lis kòm pò pou pasay dwòg lakay yo, yon to chomay ki nan mwens ke 3 zan pase de 63 a 79% bay pou rezilta yon nasyon ki nan wout pou li disparèt. Si sitiyasyon sa yo fè objè eta nasyon ayisyen an li byen lojik pou kesyone yon evantywèl chanyman dwe koumanse pa ki bò? Swivan konsepsyon ak ideyoloji chak moun yo defini yon depa sou plizyè kategori depandamman de bezwen pèsonèl yo.  Genyen ki pwopoze relanse agrikilti a, lòt ki wè repanse yon sistèm edikatif ki baze sou plis teknyoloji syantifik. Sa ki ape koupi anba tant yo ta reve yon ayiti ki rekonstywi. Men kesyon an ankò se: Pa ki bò nou dwe koumanse? An nou pretann priyorite nouvo gouvennman an se ta rekonstywi peyi a. Pou sa nou ape bezwen yon plan ki chita sou desantralizasyon ak nòm konstriksyon an. Baz estratejik pou fasilman frennen ensekirite a, bagay yo di jouk kounye a yo genyen menm lè mwen pa ko konfime li. Ankò nou ape bezwen lajan. Depi apre tranbleman an anpil peyi tankou espay, kanada, lafrans anvizaje ede ayiti nan domenn finansman. Yo vèse anpil sòm. Lajan sa yo rete nan men otorite ameriken yo. La nou wè nou bezwen yon koperasyon ak peyi sa pou nou lanse mouvman rekonstriksyon an. E si kat la ta mal bat? Pou yon depa sou koze rebati ayiti li mande anpil diplomasi ak tan pou nou pa soti viktim, ki donk se pa la depa a ye. E si nou pran li sou koze edikasyon? Envesti nan anpil timoun pou fòme yo sou plan tekno-edikatik? Poutan yon pèp ki nan gran gou pa kapab aprann byen. Preokipasyon li rete satisfè vant li epi apre tout rès yo ape vini. Bezwen pwemye nesesite yo fè elòy kòm sa ki primòdyal sou si bò pou nasyon ayisyen an ta koumanse. An nou pran li kounye a sou kote relansman sistèm agrikòl la. Nou santi nou pare pou abòde teren an? Si nou apwoche domenn sa, ki sa ki pare pou nou? Kouman nou pwale reyisi kanpe li pandan nou ape fè fas ak tout gwo defi ki menase bòykote nou? mache a vas e alafwa frajil. Pou reyisi li ape mande yon long wout ak podyab yon planifikasyon ki baze sou plan diplomatik ak fòs ponyèy nou ki ta sanble panche vè santiman nouvo prezidan peyi a ak twoup li yo pou refòme lame a. Refè lame d'ayiti? Hummm!!! Bagay sa ape fè anpil pale.
      Pou yo dènye fwa, ki bò nou vle koumanse?

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.