jeudi 6 octobre 2011

FAD'H, 3 faktè fondamantal pou refòmasyon li

1, Kèlkeswa pozisyon Ayiti vle okipe nan echèl mondyal la li inevitab pou yo rekanpe lame a. Pouvwa, dominasyon ou estati sosyal se yon rapò fòs. Pyès sosyete ou sektè pa kapab deside sou avni li ak 2 men li vid. Pi gwo pape kite ou monte.
      2, Malgre Ayiti fè pati manm entegral nasyonzini pwoblèm fwontyè Dominiko-Ayisyen an rete yon fenomèn tabou. Nou dwe genyen kouray pou nou di nan okenn fason, sou okenn pretèks Repiblik Dominiken pape oze anvayi ayiti. Pa menm yon jou. sa ape mande yon long deba ki fè mwen pa pwale antre nan detay yo men bagay mwen vle mande se: Sekirite yon nasyon depann de ki moun?  Li pa sèlman envazyon. Depi plizyè ane ayisyen ape sibi yon seri atak nan men moun kay peyi vwazen an. Enjistis sosyal, depòtasyon ak tretman inapwopriye. Ayisyen mouri lòt bò a prèske san limyè pa fèt sou ki kondisyon. Li plis ke garanti ke ak yon fòs ki ekipe bagay yo pa te ape fèt konsa. Si ou pa kwè fè yon ti bak pou wè ki lè bagay yo anplifye konsa. Depi Jeneral Prospere Avril fini kraze kò Leyopa Dominiken fini awoyo.Yo menm konsyan ke prezans yon fòs ki dyanm se sa ki ape amelyore kondisyon vi ayisyen lakay yo.
      3, Pou relanse ekonomi nasyon an sou plan kiltirèl ak plantasyon malerezman li egzije rekonsttriksyon lame d'ayiti. Nan ki sans? Nenpòt etap nou ta renmen pran nan domenn agrikòl li ape rete yon rèv oubyen gaspiyay lajan. Espas aeryen nou an rete san kontwole. Ki sa ki limite e menm enpeche yon antichanyman simen move pwodywi sou plantasyon nou yo? Nou tout okouran sa ki pase deja.
      Nou dwe admèt li se yon erè fatal ak atent souverennte peyi a lè nou te pran desizyon destitiye lame a. Pandan nou ape reklame yon lòt ayiti an nou panse regwoupe fòs nou paske nan fè tèt cho se wè nou va wè moun egziste si nou pa defann sa ki kapab kore defans nou.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.