mercredi 5 octobre 2011

Egoyism vektè mòtèl pou avansman ayiti

Mande yon ti ayisyen ki sa li ta vle pou ayiti san ezite li ape reponn ou chanyman. Si ou poze nenpòt moun ki di li renmen peyi a ki tip chanyman li ta renmen pou ayiti repons lan ape prèske inik; "ke tout ayisyen viv byen, edikasyon, lwazi san eksklizyon sosyal". Men rantre nan vi nasyonal la pou wè rezon blokay nasyon ayisyen an. Pa genyen soti nan sa. Prensipal motif  la se EGOYISM. selon ansiklopedi WIKIPEDIA egoyism se yon atitid, yon santiman yon moun manifeste pou kenbe yon bagay pou li sèl. "Depi nan ginen nèg trayi nèg" yon ekspresyon kreyòl yo souvan itilize pou demake ou jistifye konpòtman yo nan fason sa. Mantalite sa depi plizyè ane pou mwen pa di nan koloni an dekri konpòtman yo youn anvè lòt. Si youn ape fè yon ti efò li pa ta renmen lòt la konnen, lè lòt la sispèk vwazen an ape fè yon ti  degaje li prè pou li detywi li nenpòt kouman pou li pa monte. Pèsòn pa ta renmen wè lòt monte. Yo anvye e frajil. Tandans sa koze rayiman dè fwa menm lanmò.
      Yon sosyete se yon regwoupman ki bati sou menm vizyon ideyolojik. Pou genyen pwogrè nan yon kolektivite fòk yo jwenn api masif sektè a sa vle di tout kouch konsène. Kouman nou panse devlope ayiti lè youn pa vle wè lòt? Ki esperans chayman nou oze reve pandan tout entansyon nou se pyetinen sa ki bò kote nou an pou enpeche li jwenn aksè ak sa ki pi piti yon moun kapab bezwen nan vi a?
      Li ankò bonè pou rebati sosyete ayisyen an men nou anvan ape bezwen refòmile atitid mantal nou. se vre lanmou se yon bagay natirèl men li grandi nan kè moun ki kiltive li. Li di: <<yon vrè lidè se pa sa ki vle rete pou tout tan an men sa ki prepare yon klas pou ranplase li>>.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.