lundi 7 novembre 2011

Ayiti eta demokratik, diktatè, ou kominis?

Youn nan pawòl ki make anblèm drapo ayisyen an se "libète ou lanmò, viv lib ou mouri" Nan nenpòt diksyonè ou ta tycheke libète vle di: San kontrent, baryè pou ou fonksyone, egzèse sa ki fè ou plezi. Referans mwen se konstitisyon 87 la paske jouk jodi a se li ki defini kòd vi yon ayisyen sa vle di sa li kapab ak pa kapab fè. Nan pawòl ki sele konstitisyon an li deklare ayiti se yon peyi demokratik. San fè detay demokrasi genyen menm karakteristik ak libète nan definisyon, men nan pratik li rete pou mwen mande nan ki peyi mwen ape viv. Ki tandans kouran politik ayisyen an? Mwen pa ti moun ki fèt lontan men depi mwen a mo konesans mwen aprann leta ayisyen ape chache mete yon eta ki chita sou dwa. Dayè se sa ki fonde nasyon an. Pandan 50 dènye ane ki soti pase la yo, diferan kouch sosyal ak mantalite pase nan tèt peyi a. Genyen ki bay tèt yo non popilè, lòt ki afiche yo kòm defansè mas la kont elit ki genyen kòb la. "Konstitisyon se papye, bayonèt se fè". Yo sèvi ak li lè sa bon pou yo poutan yo tout di yo pran pozisyon libète pèp la. Lontan yo te konnen rete men kounye a yo pa dire. Jodi a nou 7 nan mwa novanm lan. Ayiti genyen yon prezidans ak yon kabinè ministeryèl tou nèf. Li difisil pou mwen defini ideyoloji gwoupman sa akoz yo pa soti nan yon sektè fòmèl men moun ki entelijan kapab konprann ki wout peyi a pwale pran nan jou ki ape vini yo.
      Dirije ayiti se yon tach a la fwa fasil e difisil. Fasil paske tout pèp sou tè a genyen yon nesesite pou satisfè, difisil paske li egzije ou idantifye bezwen yo pou ou solisyone yo. Pase de sa ou pwale dirije nan fason ou panse e non sa ayisyen yo mande. Rezilta a yon soulèvman prèske total popilasyon an pou egzije ou anvan konfòme ou, kòm ou pa te konprann sitiyasyon an ou echwe nan ekspètiz ou, fòse ou kite tèt leta a.    
      Kouman nou kapab idantifye bezwen pèp ayisyen an? Mwen pa konnen si mwen twonpe mwen men depi mwen ti moun mwen poko janmen wè nasyon sa ki ape leve kanpe pou vi chè, menm lè sitiyason ekonomik yo te toujou prekè. Sa vle di si mwen konprann se pa priyorite peyi a sa. Tout dirijan, apre kèk eleksyon ki konteste toujou jwenn yon pousantay vòt popilasyon an. Pou yon moun pase nan eleksyon ou dwe fè kanpay. Se pwopozisyon ou yo ki pwale fè yo chwazi ou. Si ou monte sa vle di pwopozisyon politik ou a mache nan enterè dirije yo. Nan ka ou yo leve kanpe di mwen sa ou vle, ou pa kenbe pwomès ou. Sa pa vle di ou pa fè anyen. Li pa menm vle di ou pa genyen volonte sinon ou pase lwen reyalite vi moun yo.       
      Ayiti genyen yon deviz, yon nesesite ak yon bagay ki kapab fè li mache.                           Ayisyen jire pou yo pa janmen rete ak moun. Pa eseye. Ou pape reyisi si ou genyen yon lòt plan.
Bezwen yo se yon edikasyon ki chita sou istwa ak kilti tè a depi li egziste. "Yon pèp ki pa domine pase li limite pou li reviv menm betiz yo".
Si ou di mwen ou pa konnen sa, mwen ape voye ou ale fè yon obsèvasyon. Si ou vle rete pou tout tan nan plas yo mete ou a aprann di moun yo verite, bagay la jan li ye a. Lè ou kapab, fè, men lè ou bloke di nasyon an kote bagay la mele a. Yo pa fè san soti nan wòch. Pyès moun pa espere wè ayiti tounen yon jaden Edenn men nou entelijan. Nou ape obsève. Sa nou pa konnen yo se yo ki ape domine nou. Pou ki ou pa di li? Si ou panse nou ape mal entèprete li ou fè yon gwo erè. Eseye pou wè kouman peyi a ape mache.
      Tout gouvennman ki pase genyen kote pozitif yo. Anpil si li pa tout te genyen vizyon pou libere ayiti. Rèv yo jis dè fwa legal sof ke yo tante dirije sou e non bò kote pèp la, ni fè edikasyon li. Li lojik pou moun yo reyaji, paske konstitisyon an pou kò li nan fason li elabore a kreye yon mezantant nan kèk domenn. Nan ati 18 twazyèm pati konstitisyon an li di tout ayisyen egal pandan yon pil lòt atik bay pouvwa yo plen dwa pou administre sou sosyete a ki fè, yon moun ki enteleijan ape konprann ke lwa yo kreye ayiti vè kominis plis ke demokrasi. Tout konfli ki egzite nan sosyete a reyini otou ti pwoblèm sa. Jouk nou abòde bagay yo nan pwofondè nou ape toujou jwenn yon pèp reyaksyonè. Pa solisyone li se tout tan yo ape rele nou diktatè, se otan nou ape kontinye ekri move chapit nan istwa ayiti a.

1 commentaire:

  1. constitution an se manman lwa peyi a youn nan rezon ki fe Haiti pa janm avanse se paske ahisyen pa respecte la lwa. Le ayisyen aprann respecte la lwa, le yo konn sa yo dwe sa yo pa dwe fe wap we koman nap avanse pi devan. Nou bezwen konstwi yon peyi ki chita sou constitution kote moun respecte moun e propriete moun.

    RépondreSupprimer

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.