jeudi 14 juin 2012

Eske ayiti se yon peyi ki dwe genyen eleksyon?


Fonkyonè leta nan yon sosyete responsab pou asire bon administrasyon nasyon an. Chak pòs ke li elektif ou nominal se angayman dirijan an pou fè si ke bagay yo ale nan sans yo dwe ye. An ayiti tout sanble diferan nan mòd fonksyonman yo. Poutan chak tan desizif genyen eleksyon. Kandida mande ki kote yo soti moun pa konnen ape fè lanavèt, fo pwomès, distribiye koze pou fòse moun ale vote pou yo. Ankò an 2012 a deja 2 zan 5 mwa depi peyi an touche ak yon dezas natirèl moun toujou pa genyen kote pou yo dòmi, bezwen natirèl yo fèt nan lari, pa mande si yo va jwenn manje pou yo manje. Epi pwale genyen eleksyon. Eleksyon pou ki? Pou ki yon moun dwe vote? a ki sa sa ape sèvi sitou nan yon peyi tankou ayiti? Nan tout ka se pèp la ki deside sou ki moun ki dwe pase nan eleksyon swivan bezwen nasyon an. Si yo monte jan mwen konnen li an sè ke pèp la vote yo, piske ayiti se sèl mwayen apre magouy ki monte moun dirijan. Pou mwen se 2 bagay swa youn ou byen lòt. Pèp la pa konnen sa li vle ou byen li pa santi soufrans lan. Pou di nou verite, eleksyon se plis ke yon senp aksyon. Se yon devwa sivik pou kore peyi a nan vote moun ki pwale defann lwa ki kapab kore sosyete a, ak posiblite pou eli moun ou estime ki pare pou reponn ak demann ou yo. Si nou pa konnen kouman pou nou chwazi yon moun mwen ape montre nou sa nan yon lòt atik. Voye je nou kay vwazen an yo fenk ratifye yon lwa migratwa ki pwale enpeche plis ke 180.000 ti ayisyen ki san papye enkli sa ki fèt sou tè a ale lekòl sa vle di yon jenerasyon ki ape grandi san ensktriksyon akademik, pwofesyonèl ak inivèsitè. Mwen ape avèti nou nan 10 pwochen ane yo ayiti si nou pa leve pye nou ayisyen pape kapab pile tè panyòl. Mande eli ki anplas la yo ki sa yo ape fè pou sa ou byen boude yo nan pwochen eleksyon yo.
      Mwen pa kapab oze mwen dwa pou di yon moun pa vote ni ki yès ki miyò, sa se travay nou kòm nasyon pou pran desten vi nou an men, men mwen menm sa fè lontan mwen pa pran chemen skriten tou senpleman paske moun mwen wè yo yo pa kalifye pou dirije mwen. Pou evite mwen benyen nan salte, ak repwoche konsyans mwen pou yon move chwa mwen te fè mwen kenbe pozisyon mwen pou pa patisipe nan eleksyon, dayè si mwen te ape fè sa mwen te ape bay vòt blan men kòm nou pa wè bagay la menm jan ak mwen mwen ape tou senpleman envite nou panse sou ki moun ki pare pou reprezante nou nan kèlke swa nivo a.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.