vendredi 1 juin 2012

Nasyonalize sousòl ayisyen an anvan li twò ta

Nan dènye atik mwen te pale sou boujwazi ayisyen an mwen te pwomèt nou pou montre nou kouman pou abòde kesyon etranje yo ki koze yon veritab tèt chaje depi kreyasyon nasyon ayisyen an a koz konstitisyon an ki sanse limite yo nan chwa sa, pa vre? Pou plizyè rezon mwen te gade silans anvan menm yo pale de dekouvèt lò nann zòn nò peyi a, mwen di dekouvèt men tout moun konnen peyi ayiti ranpli ak richès natirèl ki poko fini eksplwate. Jodi a mwen pwale montre nou yon bagay. Ayiti se yon peyi ki frajil e kwè mwen si nou vle anvan lontan nou ape fè fas ak yon seri rezolisyon, mwen pa di sa pou fè kè nou kase ni pou mete mache prese nan kò nou sinon pou nou aprann ouvri je nou, gade reyalite a epi afwonte kondisyon yo ak matirite. Se pa pou yon senp rezon an 1917 sou gouvenman Phillipes Sudré Dartiguenave la Franklin Delano Roosevelt te tante refòmile lwa yo paske li te toujou entèdi depi sou Dessalines pou etranje posede byen fòmèlman isit an ayiti. Poutan sikonstans, ak moman yo varye. Envestisman se sa ki pwodwi devlopman, lakay nou nou pa genyen yon mache ki elaji e ki sifi pou reponn ak beswen popilasyon an. Fòk donk nou jwenn yon mwayen pou asire ke peyi a mache. Pyès etranje pape vini envesti nan yon sosyete kote dwa pwopriyete li pa garanti. Pyès moun ke nou dakò ou pa pa kapab konvenk mwen ke genyen yon sèl moun ki ape pran risk sa. Nou pa kapab rete ape gade bagay yo jan yo pwale a. Eske nou ape bat ba nan amande pati konstitisyonèl la ou di mwens nou ape kontinye kenbe? Ayiti twò pyeje kòm nasyon pou nou deside jwe jwèt sa menm lè nou ape pale envestisman. Bagay yo genyen pensip. Youn nan sa yo pa solisyon an e kwè mwen si nou vle amande li san sa mwen pwale di la anvan menm mwen mouri mwen ape wè rezilta a; Si maten an Ayiti elimine pati sa nan konstitisyon an li pèdi valè istorik, grandè, matirite pou kenbe tèt a tèt ak envisib la epi kesyon ayiti rele ayiti a bliye sa nan almanak nou. Tout sa ki fè nou sa nou ye jodi a se akoz ti koze sa. Tounen nan pase nou pou nou wè si nou ta genyen lide pou demanti mwen. Kèlke swa presyon ki kapab peze sou tèt nou sèl sovè nou se NASYONALIZE SOUSOL AYISYEN AN anvan li twò ta. Leta, mwen repte li, leta dwe genyen kontwòl, jesyon 27.000 km2 a depi sou sifas li jouk nan pwofondè li. Genyen yon diferans ant bisnis ak biznis. Yon moun kapab genyen otan bagay ki ape rantre li kòb nan yon sosyete san li pa oblije soti anba prensip yo. Ki sa? Yo pa dakò? Sa yo vle menm? Nan peyi òganize se leta ki mèt tè. Padone mwen gran don yo, men mwen pa genyen lòt chwa, mwen oblije di bagay la jan li ye a, ayiti pa kapab rete ankò. Mwen konnen sa ape afekte anpil sektè, men se sa li ye. Si nou vle evite yon veritab konfli e menm sa ki kapab afekte souverennte peyi a pran yon ti tan pou nou panse ak sa. Mwen konnen nou pwale di ki kote yo pwale jwenn kòb pou fè sa. Pa mande mwen paske se yon peyi nou ape dirije donk a nou menm pou demele nou jwenn kote lajan an kache.
      Mesye Dam depite ak senatè ki okipe palman an di etranje a byen vini lakay nou isit an ayiti. se nan lwa yo pou nou pran yo. Anyen pakab pase si nou jwe jwèt sou tab. Kote ministè afè sosyal? Pou ki li pa aprann fikse salè pou ouvriye ayisyen yo? Di ONG yo kay la pou yo pandan nou ape mete prensip pou yo mache. Mwen rann mwen kont nou ape goumen ak tèt nou pou fè peyi a mache. Okenn moun pakab rantre lakay ou pou dirije ou si ou pa ouvri pòt pou li rantre. Defini ki sosyete nou vle ak plan estratejik nou ape rive mete ayiti sou yon lòt ray. Di blan an ki sa nou vle. Li pa genyen lòt chwa ke koube devan demann nou yo, amwen ke nou pa fè okenn pwopozisyon. Nou pa genyen yon mach a swiv? Pou sa nou ape bezwen konnen bezwen ak nesesite pèp ayisyen an. Desann nan geto yo ale gade ki jan moun yo ape viv na va konnen soufrans yo, monte ale chita ak moun ki nan sektè komès ayisyen an pou konnen ki pèspektiv yo paske nou rive nan bout nou. Sonje, NASYONALIZE SOUSOL PEYI A ou byen nou ape wè zetwal klere sou tèt nou lannwit kou lajounen.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.