San wont san santiman se yon ekspresyon kreyòl ki vle di nenpòt sa ou di, ou kapab fè sa pa deranje mwen. Ayiti depi endepandans li genyen plis ke 8 jenerasyon ki pase men sanble 3 dènye yo pi egzajere.
Francois Duvalier monte prezidan nan eleksyon ki te opoze Louis Déjoie ak Clement Jummelle 22 oktòb 1957 ranplase Antonio Thrasybule Kebreau. Nou dwe di jouk konye a pèp Ayisyen poko klè sou ki bò Francois Duvalier fèt. Li dirije peyi a pandan 14 zan. Apre lanmò li sousou pouvwa ak sousèt nan leta nonmen Jean Claude Duvalier pitit li nan plas li. Li menm tou jere peyi a pandan 15 zan. Pou twòp krim, pèp la deside mete yon bout nan rejim diktati a. 7 fevriye 1986 Jean Claude ale. Yo fòme konstitisyon 87 la ki egzije li rete an egzil pou 11 zan. Men elas. Tan pase byen vit. Kòm se yon koutim, lame fè yon koudeta ki mete Jeneral prospere Avril nan tèt peyi a.
An 2011 yon lòt fwa peyi a sibi yon lòt krim lè eleksyon malatychong mete Jean Bertrand Aristide prezidan Ayiti. Apre 3 zan move jesyon ak zak briganday, kidnapin, piyay gaspiyay nan lajan leta yo voye li ale.
Jodi a se 13 jwen 2011. Sa fè sèlmam 7 an 3 mwa 13 jou depi yo te rele anmwey dèyè Aristide. 25 an 4 mwa 6 jou depi Ayisyen te chase eleman jennan san fòmasyon politik ak karaktè pou jere yon pèp yo rele Jean Claude la, 22 zan depi nou te kase kòd ki te mare lonbrik nou ak san ginè ki genyen pou non Avril la. Jodi a yon fwa ankò nou ape mande kouman moun sa yo fè nan sen nou?
Roseline Vaval, Jean Claude Dominique elatriye, san moun sa yo koule kòm si se te yon yon vye kalbas ki te make fele, ki donk li kraze sa pa deranje. Sa ki pi tris lan fabrikan konstitisyon 87 yo la. Danje sosyal, kriminèl kont limanite yo tounen. Genyen ki tèlman okipe nan defann pòs elektoral yo bliye sa moun sa yo reprezante. Anpil nan yo te an egzil eske konstitisyon sa se pate yon fason pou yo tire revany? Listwa ape kontinye pale.
Li klè tout pèp ki san istwa, viv san memwa. Men mezanmi, sa pa fè twò lontan depi evenman sa yo pase. Ki lè pou nou ta genyen tan bliye sa ki soti pase anba je nou la? Se vwe mizè, grangou, chomay kapab fè nou dezenterese sou sa ki ape pase, men nan ki nivo lafen pou nou ta ye pou nou ta geyen tan dekonekte ak vi sosyal peyi nou? Epi pa di mwen. Chak moman nou nan leve kanpe.
Genyen yon rezon ki fè yo pa janmen vle fòme pèp sa, ka yo konnen jou yo edike anyen pape janmen kenbe yo. Nou pa kapab kontinye viv konsa. Li pa lojik pou yon sosyete ape mache nan fason sa. Ki lè nou ape trase yon egzanp? Ki jan nou ape enpeche moun san karaktè, san fòmasyon adekwat nan jesyon ak administrasyon yon peyi tounen nan figi nou? Li lèd pou wè Ayiti ki te fè 1804 la pou se la li tounen. Yon nou ki te si gran e fò pou se sa nou ape remèt nan moman sa.
Nan sosyete sivilize travo fòse twò piti pou konpanse san inosan asasen san kè sa yo te souse. Nou pape preche vyolans men tout zak ou fè mache ak yon konsekans. Chèz elektrik ak pann moun pa rekoumande an 2011 lan men nanm nan Feuillé, Eddy Volele kriye jistis pou Ayiti.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.