Rooldine lindor fèt 14 mai 1990 se yon jenn fi ki te ape etidye enfòmatik nan inivèsite UTESA nan Repiblik Dominiken. Li te ape viv nan yon zòn yo rele HYPODROMO, Santo Domingo este, Invi-Dorex, calle M 3 kay anvan ou pran koub la jan ou kapab gade li sou kat jeografik la. Li te ape viv ak kèk lòt jenn fi. Apre apwobasyon manman li li lwe yon kay paske frè li yo ki te ayiti te genyern ide pou rantre Sen Domeng vini etidye.
" Eddy Staling Mendez Ramos " se non yon eleman Dominiken pitit mèt kay kote Rooldine te pwale abite ak frè li yo pati ak li sou pretèks li te pwale montre li yon pi bon kay, vyole li menm ak 2 lòt Dominiken epi touye jenn fi 21 an ak yon kòd epi pike li ak yon kouto lè yo wè li pa mouri.
Papa Stalin, asasen an lè moun ki te ape viv ak manzè yo ale kote li deklare li pate lwe demwazèl la kay se pitit li ki konnen koze a. Madanm misye ak madan kriminèl la genyen tan sove wete kò yo anvan lapolis vini. Yo pran papa a sou presyon endike ki bò yo kapab jwenn Lindor. Moun yo ki panse yo pwale jwenn ti dam lan mare lè yo rive yo jwenn kadav la ki ape benyen nan san li. lapolis arete bandi yo sou deklarasyon papa a kounye a yo nan men lajistis pou ankèt.

Yon delegasyon etidyan nan Sen Domeng eseye pou kontakte otorite leta ayisyen yo men sanble pa genyen twò gwo dilijans ki ape fèt pou sa. Yo anonse ministè zafè etranjè ape voye chache kadav la men menm otopsi kò a yo pa sanble anvi fè. Se yon krim, yon kou di non sèlman pou fanmi ti pitit sa, men tou pou sosyete ayisyen an.
Mwen pape pale sou relasyon ayiti ak peyi dominiken paske mwen fè sa twòp men yon lòt fwa mwen ta renmen nou di mwen ki sa nou konte fè ak ka sa? Se pa vyolans. Ki lè san yon ayisyen ape fini koule nan kandidsyon sa? Nou panse yon jou kou jodi a nou ape kapab leve tèt gade monn lan nan je epi di mwen fyè ke mwen se yon ayisyen? Pwoblèm lan se pa sa yo fè yo ki deranje mwen, se ki sa nou di chak fwa jan ka sa yo pase?
Nou eseye kontakte chèch leta a men telefòn li sanble pa twò disponib pou moman sa. Nou poko kapab presipite paske nou pa konnen ki sa yo ape fè kounye a men nou enkyete anpil lè nou konnen bagay sa yo abitywe pase san nou pa janmen bay yon repons ak yo.
San Rooldine koule yon ti moun ki san defans, san fòs pou lite mouri matirize maltrete imilye devan yon gwoup sanginè, san fòmasyon epi espwa pou vini yon bagay demen. Mwen plis ke tris pou tande istwa sa. Mwen deplore epi egzije jistis ak dedomayman pou fanmi viktik lan.
Ou kapab pa santi ou touche apre sa ki pase a. sa kapab pa di ou anyen. Petèt ou kapab santi ou pè akoz presyon politik ki ape fè ravay nan 2 sosyete sa yo men mwen ape di ou kounye a zanmi: Si ou pa pale demen se ape kou pa ou ou byen yon pwòch ou.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.