mardi 30 août 2011

Ayiti pate anvayi Sen Domeng an 1822





17 an apre Repiblik Ayiti fini kreye li te rete a lòt bò lil la pou elimine esklavay lakay yo. Yon pati Espay te ape dirije men ki depi 1809 sibi yon kriz ekonomik difisil nan moman sa pou yo te simonte. Jose Nùnez de Cacéres yon eminan politisyen, ekriven milat dominiken ki te entandan gouvènè Pascual Real I fè yon kou deta 30 novanm 1821 epi pwoklame lòt pati lil la (aktwèl Sen Domeng) endepandan sou non Repiblik Ayiti Espanyòl 1 Desanm menm ane a. Malerezman aksyon sa pwale soulve kòlè Espay.
      Nùnez pate jwenn api anpil moun nan moman sa paske moun nan bò oryantal yo (Dominiken yo) te genyen plis entansyon pou fè lil la fè yon sèl ki vle di kite nou menm Ayisyen dirije yo.
      Jean Peirre Boyer dirijan Ayitisyen an ekri Nùnez yon lèt pou enfòme li sou santiman li pou inifye lil la akòz lafrans te ape menase pou anvayi tè a nan lide pou retounen ak sistèm esklavay la. Kòm pati sen Domeng lan te pi fèb li te krenn yo pa penetre lakay yo pou rantre Ayiti. Kon sa 9 fevriye 1822 Boyer òdone yon twoup endijèn rantre sen domeng kote José Nùnez De Cacéres menm renmèt yo kle vli Sen Domeng epi retire tèt li nan vi politik la pou yon bon peryòd.
      Ki sa nou reprezante pou Dominiken yo sou plan politik? Nou pape rantre nan detay sa paske tout moun konnen nan moman sa ki sa Ayiti te ye nan je rès monn lan. Se te yon fèt lè nou rantre. Se te sa yo tout te ape tann. Tout moun nan tout kouch sosyal te akeyi inisyativ sa kòm yon delivrans ka Espay li menm pa te ko pare pou rekonèt moun sa yo kòm lib. Ou ka pa kwè li emn, menm non yo montre evidans ke yo te kopi nou nan tout sa nou te ape fè. REPUBLICA DE HAITI ESPANOL.
      Wi te genyen malvèsasyon nan mòd administrasyon rejim Boyer a men nou Ayisyen nou dwe klè ki motif ki fè pandan 22 an Ayisyen te ape dirije tout zile a.
Ref: Hist. de la Rep. Dominicana wikipedia


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.