Mwen fè etid primè mwen lekòl nasyonal Fabre Geffrard pòtay Sen Joseph, mwatye segondè Lise Anténor Firmin Avni Charles Sumner ak Toussaint Louverture Ri Saint Honoré. Mwen se pwodywi 100% leta Ayisyen nan lekòl ki pa te gratis men konpare ak sa enstitisyon prive yo peye ki pa te reprezante anyen. Se yon bon ide mete li gratis pou fasilite plis ti moun aksè pou aprann li ak ekri. Mwen desann mwen byen ba devan yon tèl inisyativ. O kontrè mwen ankouraje tout moun nan yon fason ou byen yon lòt pou pote kole pou fè pwojè sa tounnen yon reyalite
Genyen yon bagay mwen vle fè leta an patikilye ak tout ayisyen an jeneral konprann. 83% ayisyen ki vwayaje mwen se you nan yo se moun ki konnen li ak ekri pami yo moun ki deja benefisye asistans leta pou fòmasyon akademik yo. Malerezman moun sa yo pa manifeste twòp volonte pou tounen nan peyi a swa pou koz ensekirite ou di mwens paske pa genyen travay ki reponn ak karyè pwofesyonèl yo. Diferans ki genyen ant envestisman ak depans sè ke lè ou envesti ou atann nan yon tan done diplikasyon ak ogmantasyon kapital ou mete deyò a. lachin (yon sosyete kominis) ouvri yon komès bon ak sitwayen chinwa yo. Ki sa sa ye? Nan sistèm koperatif lè ou genyen yon bon ou aksyon benefis lan separe a yon pousantay "X" ki defini selon pwotokòl ak regleman enstitisyon an. Leta chinwa konprann prensip sa yo rantre kò yo ladan. Pa egzanp si ou voye yon timoun lekòl pandan 15 an lajan ou envesti a egal a 100.000 goud, sou yon tan ou deside apati de akò ou menm ak paran timoun lan li ape ranbouse li ak yon ti diferans tou piti.
Nou pale sou pwodiksyon nasyonal ak rann leta otonòm. Malerezman nou souvan fè referans ak plantasyon, bagay moun manje sèlman. Tout sa ki fèt lakay nou e pa nou anglobe pwodiksyon nou. Menm lekòl fè pati pwodywi lakay nou. Tout sosyete ki depann de yon lòt pa kapab genyen panse nasyonalis paske li pwouve 100.000 fwa aksyon ou yo reflete volonte peyi kolonizatè a. Pa panse otonomi paske pyès peyi pa kapab rann tèt li lib lè tout bezwen ou yo baze sou apwobasyon lòt kote. Pou fè fas ak 2 gwo defi sa yo estrateji politik, mannigans diplomatik, desizyon gwo ponyèt ak yon pwogram byen kalkile se sa yon sosyete bezwen ak sitou lidè ki vize chanyman. Olye nouvo gouvènman sa mete lekòl la gratis pou ki li pa rantre nan sistèm koperasyon an nan chita ak paran yo pou pwopoze yo sa? Nan 10 an ti moun sa yo pwale bezwen touche yon lòt karyè, nan nenpòt fason leta pwale bezwen kòb pou founi yo plis avantay ak aksè, lajan sa te ape tou sèvi pou kreye plis lekòl segondè ak menm fasilite kredi a pou kreye inivèsite.
Mezanmi vizyon nou dwe gran. Chanje yon sosyete mande anpil panse. Pandan li ankò bonè rebati plan nou yo. Se meyè mwayen ou kapab jwenn otonomi ou lè ou aprann miltipliye ti fèb resous ou genyen nan men ou an epi fè li vini gran. Se yon pwopozisyon. Si nou estime nan 25 an ki pwale vini la nou ape jwenn lajan fasilman pou kontinye ak mete edikasyon gratis ou byen si se depanse pou moun epi voye yo ale sèvi lòt nasyon lòt kote kontinye kon sa ou byen ouvri zòrèy nou pou nou tande epi aplike konsèy paske genyen moun ki tout bon ta renmen wè Ayiti chanje.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.