mercredi 28 septembre 2011

Ayiti bezwen yon nouvo estrateji politik.




Tout peyi sou latè pran nesans apati yon egzòd oubyen yon defòmasyon jeografik. Yo tout baze sou istwa ki fè yo egziste a. Nasyon ayisyen an konstwi sou rezon pou viv lib, yon konsèp ki fonde sou bay vi yo tan pou yo ta tounen nan esklavay. Jodi a nou a 207 depi nou lib kòm pèp. Pa genyen esklavay fizik, an nou di pito chenn lan pa nan pye nou ankò. Itilize estrateji 1803 a (koupe tèt, boule kay ki te meyè mwayen pou konbat kolon fransè yo) se abòde pwoblèm lan kote li pa ye donk nou pape janmen jwenn rezilta nou espere a. Konsèp ak mantalite monn lan chanje nan fason yo aji.
      Si nou santi pozisyon nou menase se kreye anbyans pou nou rantre nan atitid nouvèl jenerasyon an. Ki sa li ye? "GLOBALIZASYON".  An 2011 nou dwe itilize zam ideyolojik, konba mantal, fòmasyon sikolojik ak estrateji politik ki baze sou diplomasi pou konvenk advèsè a rantre nan konsèp monn nou an e non egzante li. Nou dwe koumanse pa chwazi moun ki konpetan pou reprezante nou nan chanm yo. Kreye yon polis ki dinamik, pwofesyonèl e ki anime ak konsyans pwofesyonèl. Fòme brigad vijilans nan veye anwo ak anba pou anpeche bandi fè sa yo vle nan peyi a pou atire envestisè etranje. Nou pa kapab jere yon nasyon pou kò nou. An sosyoloji yo rele sa "EXCLUSION DE RACE" oubyen yon ti fason kouran nou ka di " Complexe d'inferiorité".Nou bezwen api ak èd lòt moun pou avanse.
      Ki lè nou ape kite tandans koupe tèt boule kay la?  Minista vini sou teren an Ayiti nan lide pou evite yon derapay sivil dapre kòd rezolisyon 2004 ki bay li nesans ak konjonkti politik ayiti te ye nan moman an. Si nou pa vle prezans li sou teren an se konfòme nou kòm moun oubyen di kominote entènasyonal la mèsi pou sa yo te fè pou nou, nou pa bezwen prezans yo sou teran nasyonal la. Nou pa bezwen fè manifestasyon, tire wòch kraze brize pou yon etranje kite tè a. Dayè atik 8-1 konstitisyon an byen klè sou pwen sa. Itilize mwayen sa yo se bay plis fòs ak yo epi pozisyone yo kote yo pa ye.
      Pa genyen pi gwo erè yon moun kapab fè ke fè menm bagay la epi espere yon rezilta diferan.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.