Ayiti ape konnen kriz depi li kreye. 2 gwoup moun ak apatenans diferan (nèg nwè ak milat) ki bati ideyoloji yo sou konsèp ak mantalite stil vi yo toujou opoze youn lòt depi 1804. Jodi a nou nan faz eliminatwa pou mwen pa di final men sa pa vle di pou nou kouri. Nan atik 263 jouk 268-3 konstitisyon an li klè fòk peyi ak genyen yon lame pou sekirize teritwa nasyonal la. Sof nan ka kontrè, nenpòt gouvennman ki monte ape genyen pou fè fas ak reyalite sa ke yo vle li ou pa.
Dezyèmman, Nimewo 1 nasyon ayisyen an dekrete yon POLITIK GRATIS prèske nan tout sa li panse reyalize. Nou pa di se mal paske an majè pati leta dwe kouvri prèske tout sa li konte bay yo jan li ape fè yo a, men nou bezwen pridan. Bagay sa nou konnen yo deja ak gouvennman Henry Namphy a men rechèch yo pwouve ki katastwòf dèt sa kite pou nou menm ayisyen peye ak yon pwodiksyon nasyonal ki egal a mwens ke zewo. Donk je nou dwe byen kale sou reyalizasyon eleman 14 me 2011 yo nan tèt peyi a. Konbyen li koute moun sa yo pou yo rantre nan kilti koperativ la? Yon leta tout jounen ki ape mande favè moun pou wè si yo te kapab fasilite yo yon ti prè pou yo deside ofri tout bagay gratis. sa pwale genyen anpil repèkisyon si vi nasyonal la to ou ta. Si tout bon Ekselans lan vle reyisi ak gouvennman li an li genyen obligasyon pou aplike konstitisyon an ou byen men kwa manman ou men kwa papa ou.

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.