vendredi 30 septembre 2011

FAD'H, remobilizasyon ou refòmasyon?



MOBILIZASYON?
<<Bay kou bliye pote mak sonje>>, <<Ou se ti poul kay>> 2 ekspresyon kreyòl ki genyen yon pakèt enpòtans nan atik sa mwen ape redije a.
      FADH pran nesans anvan twoup ameriken yo kite peyi a an 1934. Li patisipe nan plizyè zak briganday tankou masak 29 novanm 1987 lan nan riyèl vayan, lekòl nasyonal Rep. Argentine Bellegrade ak kou deta 30 septanm 1991 lan, souvni ki grave nan lespri jenerasyon ki ape monte a e ki pape lave kon sa kon sa. Mwen dwe avwe pwoblèm lan se pa enstitisyon an ni materyèl yo itilize yo sinon mantalite ayisyen an ki an reta.
      Pa genyen pou nou soti nan sa. Fòk ayiti genyen yon fòs ki pou sekirize teritwa nasyonal la. Menm pou ede ekonomi peyi ayiti a mache nou bezwen yon lame. Si nou pa kwè mwen ape avanse nan yon lòt edisyon kouman lame a kontribye nan avansman ekonomi nasyon ayisyen an. Poutan bagay yo genyen jan pou fè yo. nan yon deklarasyon li te bay nan radyo kanada chèf leta peyi a te mansyone 3 peyi ki an koperasyon pou refòme lame a, brezil, kanada ak lafrans e menm solisite api finansye etazini. Avèk pwopozisyon dekrè li prezante bay kominote entènasyonal la kèk jou anvan li pran la pawòl devan tribin loni an li klè nan atik 3 dokiman li ekri a li di: <<Article 3- Les Membres des FORCES ARMÉES D’HAITI, où qu’ils se trouvent, sont enjoints de se tenir à la disposition des nouvelles autorités compétentes.>> an kreyòl; <> bay mwen anpil kè kase. Pou ki? sosyete ayisyen an konstwyi sou majinalizasyon, yon konsèp ki baze sou fòmasyon sosyo-kiltirèl ak politik li resevwa depi nasyon an egziste. Genyen yon pakèt diferans ant kreye yon lame ak remobilize enstitisyon militè ki te la yo. Refè apèl ak menm moun sa yo se deja kreye opòtinite pou refè menm zak bantidis yo te konnen fè yo. Ou kapab ki mwen se pa vre men egzanp lan klè. Guy Philip se yon pwodywi lame ayisyen. Poutan sa pa enpeche an 2004 yo itilize li kòm pyon pou fè revòt ki mete Aristid deyò pouvwa a. (Atansyon, mwen pa lavalas). Apre yo abandone li kòm yon objè yo pa bezwen byen ke plan an jan li te trase a se te pou rekanpe epi mete li nan tèt lame a. Jodi a si li ankò egziste se kwè mwen si ou vle pou nenpòt moman desizif pou yo itilize li. E li ape aksepte paske li se fabrikasyon, pwodywi envizib la, yo mennen li jan ak lè yo vle.
      Li pale ankò sou rekanpe SEN (Sèvis entelilans nasyonal) ankò yon pwodwyi CIA piman ameriken ki koute yo plis ke 2.000.000 dola ameriken chak ane pou fòme ayisyen. Pyès sosyete pa kapab avanse sou plan sekirite san yon sèvis ransèyman solib sou sa ki ape pase nan sosyete a men rekanpe mòd enstitisyon ak menm moun sa yo ki te kreye yo a Michel Marthely dwe di mwen ki sa ki nan tèt li.
      Ou dwe konnen estrateji ennmi an itilize pou dewoute ou. Li souvan pran menm sa ou fè yo pou jete ou. Yon lòt egzanp Jean B. Aristid ak moun li te mete zam nan men yo a yo menm ankò ennmi an an pran pou detwone li.
      Pèp ayisyen ouvri je nou. sa fè sèlman 5 mwa. Li rete Ekselans lan plis ke 54 lòt pou li pase sou pouvwa a. Mande Prezidan nou an pou li panse fason li imajine reyalize plan li yo sinon avan lontan, MENM TI BAGAY LA.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.