lundi 3 octobre 2011

Iran, Kiba, Kore, Ayiti.




 Depi plizyè ane anpil peyi moun nwa abandone lit pou yo viv lib kòm pèp sou la tè. Grangou, ensekirite, ak enkapasite pou dirije tèt yo pou kò yo oblije yo chache rekou nan men kominote entènasyonal la ou byen dirèkteman kay Tonton Sam. Majinalizasyon (Lwa atraksyon) yon bon zouti pou fòse yon moun kwè li enferyè pa rapò ak yon lòt ou di mwens pou li aksepte stil vi li ape mennen an kòm kwa li pa kapab chanje.
      Advèsè a itilize yon teknik sof moun ki entelijan ki soti san yo pa viktim. Depi koumansman nouvo syèk 2000 lan genyen yon seri atak ki ape lanse sou peyi tankou Iran, Kore, Kiba elatriye. Malerezman youn nan potansyèl advèsè envizib lan tonbe. Libi. nan mwa Mas 2010 medam Kiben yo nan mayami nan tèt yo Gloria estefan òganize yon mach (Fanm an blan/desizyon gide) nan lide pou egzije rejim Castro a libere tout prizonye politik yo. Menm Zapata Orlando bay vi li pou liberasyon rès prisonye yo. Apre rezolisyon Loni, Etaszini menase pou atake Kore nan entanson pou fè yo stope fabrikasyon zam nikleyè yo. Ki moun ki te kabab di kouman bagay sa yo te ape fini? Diplomasi se yon syans ki aprann ou negosye, itilize taktik pwofesyonèl ak elastisite (fleksiblite) nan yon sitiyasyon byen defini. Fidel san kontrent akeyi pwopozisyon an epi libere kèk gwo bwa ki te anba men li. Vwa pèp se pawòl Gran Mèt la. Pèp Kore a prèske a inanimite jire pou viv lib oubyen yo ekstèmine sou sifas tè a. Ou kapab presire yon moun. Ou kapab menm tòtire yon group men ou pape janmen elimine yon ras jouk nan rasin li.
      Ayiti genyen yon ti teritwa men yon gwo pèp ki ape viv aladan. Si eleksyon me 2006 yo pa tounen yon okazyon pou ayiti sispann egziste se ke nou genyen yon kote nou fò. Pou di nou konnnen kisa ki te pare pou nou? Si mwen di nou kwa wouy entènasyonal te genyen tan mobilize ki sa nou ape di mwen?
      Pi gwo pwoblèm nou se refize rantre nan sèk gran yo. Nou konsidere nou kòm piti. Nou panse piti donk aksyon nou yo reflete lespri nou anpil fwa. Koperasyon ayiti limite ak ti peyi sèlman ki ape fè efò. Se nòmal, pozisyon jeografik nou bay nou privilèy pou nou fè pati  KARIKOM men nou dwe elaji sèk la. Grès, Roumani, Bilgari, Sosyete tankou syèd, Ekòs, yon koperasyon sere sere ak Chin sosyalis nou bezwen si tout bon vre nou panse soti kote nou ye. Manyen al Lawolann pou mande ki sa ki fè moun sispann kriye pou manje jodi a. Depi 2 deseni entènèt anvayi monn lan jouk kounye a yon telefòn rete yon mit kay anpil ti ayisyen. Sa nou panse si nou ta pran Japon kòm patnè pou asiste nou nan domèn teknyoloji?
      Monn lan fòme yon sèk ak ayiti kòm pwen demakasyon. Nou sèvi egzanp pou nenpòt konparezon negatif. Yo itilize nou pou fè kapital enterè yo paske yo wè je nou fèmen. Reveye nou! Souke kò nou! Viv nan wotè moun ki rive! Nou a sezi wè kouman ti monn nou an ape chanje.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.