lundi 17 octobre 2011

Ayiti gon leta konsèvatè.

Delege pòs nan leta yo. Malgre iregilarite ki genyen nan konstitisyon 1987 la lè ou ape analize li nan strikti li kreye a si yo te ape aplike prensip ki genyen nan atik yo yo te kapab jwenn solisyon ak kriz peyi a ape travèse a. Depi plizyè jenerasyon chak fwa genyen pwoblèm leve kanpe nan sosyete ayisyen an premye moun yo dechouke se prezidan an. Se li yo bay tout chay pote kòm kwa li responsab tout mal fòmasyon enstitisyon yo. Nan yon tèm mwen en pe dakò paske se li ki nonmen Direktè ak lòt pòs kle nan leta yo. Si donk bagay yo pa mache nan yon sans li responsab men bagay la ale pi lwen ke la. Depi nan delege vil, azèk, kazèk rive sou prezidan an, konstitisyon ayisyen an dekri wòl ak kouman pou yo mache. Kote bagay yo mare a se yon konsèvasyon pouvwa santral nan refize delege tach ak moun ki plase pou ranpli yo. An nou serye. Yon Prezidan ki ape inogire mache kominal. Kote Majistra komin lan? Ki fonksyon katèl sa jwe nan zòn lan? Ki sa ki pase? Depi lontan, anpil gouvèmman ki pase nan pa fè pyès moun konfyans toujou ape chache konsève yon seri pòs kle pou evite yo pa destitiye yo. Pa koutim, tandans sa transmèt jenerasyon an jenerasyon.
      Nan nouvèl ayiti nou vizyone konstywi a, nou mèt aplike sa kòm fòmil paske yon pouvwa konsèvatè echwe pi vit ke si ou te fè ouvèti, paske ou pape kapab fè tout bagay pou kò ou.
      Pou renye nan yon klima konfyans kreye yon sistèm ki bati ak moun ki konpetan, paske pwoblèm lan se pa moun ki kote ou a sinon kapasite dinamik ak kreyatif li marye ak bon santiman patriyotik pou defann peyi a nenpòt lè ak kouman. Si ou pa santi ou an sekirite, fòme yon gwoupman ki chita sou ideyoloji ou. Lè ou santi adèp ou yo ase dògmatize, an foul ou a fonse.
      Anpil moun panse pèp ayisyen pa genyen lespri lè li chwazi moun pou reprezante li, men eksperyans montre se pa vre. Chwazi yon lidè depann de mantalite ak nesesite pè la swivan konsèp kiltirèl li. Malgre tout danje sa reprezante,  ayiti rete yon peyi a tandans popilè ki baze toujou sou pase 1804 li a. Pou ou chanje li ou ape bezwen monte yon kanpay edikatf sosyo-kiltirèl ak politik pou nasyon an aprann konnen kouman pou li konfòme li devan vizyon monn aktywèl la.
      Manyè bay reprezantan nou yo espas pou yo travay nan konfyans selon kapasite yo. Ouvè ti sèk fèmen sa. Nou tankou pwason ki kraze nan bouyon. Moun pa konne tèt ak pye nou.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.