mardi 18 octobre 2011

Solisyon pwoblèm ensekrite a an ayiti.

Nan tout peyi sou latè apre pwoblèm bezwen premye nesesite yo, ensekirite rete dezyèm eleman yon pèp ape chache kontwole. Pandan monn lan ape chanje li pote ak li tou yon seri mouvman ki afekte popilasyon sivil la. Rezon kondisyon sosyal yo koze anpil dekadans nan vi nasyonal ayisyen an. Aktywèlman kidnapin se yon bon mwayen pou yon gwoup reminere tèt li menm apre yo fini pa egzekite detni a. Plizyè santèn moun deja viktim aksyon sa yo. Kapital la vini trè frajil. Moun ape mande ki kote sa ape rive. Sa se te preokipasyon ansyen gouvènman, epi renouvèlman nouvo chèf leta a pou fè fas ak dilèm sa. Kesyon pa mwen kounye a se: Kouman leta ayisyen pwale fè sa? Ki estrateji yo pwale itilize pou konbat fenomèn ensekirite a? San nou pa rantre nan twòp detay, nou admèt fleyo sa se pwovokasyon manke travay, lwazi, edikasyon familyal, jenn ki lage pou kò yo san espwa demen kapab miyò.
      Ayiti genyen yon nouvo chèf gouvennman, ak yon politik jeneral ki akse sou pliyè pwen ki kapab ede solisyone kriz peyi a ape travèse la. La ankò li rete yon preyokipasyon e menm yon nyans. Pou abòde sijè sa li mande anpil taktik sikolojik e menm diplomasi, dè fwa tan. Men genyen ijans nan sosyete ayisyen an. Polisye yo mande plis abilite pou manyen dosye sa. Ekse nou ape kapab tann polisye nou yo fini jwenn fòmasyon adekwat pou koumanse kontrekare zak antisosyal sa yo oubyen gouvènman an genyen yon estrateji imedya? An touka nou pa kapab tann. Se pou leta degaje li li jwenn yon solisyon pou bloke rivyè sa ki ape pote ale vi sitwayen inosan yo.
      Pandan tan sa li posib ke nou evalya sistèm ki senp men efikas pou bare tout moun ki genyen entansyon simen twoub an ayiti. Sekirite rete avan tou yon bagay pèsonèl. Pawòl kreyòl la di: "chak koukouy klere pou je ou". Lè mwen te piti mwen te konnen asiste a yon seri aktivite moun nan zòn kote mwen soti yo te konnen òganize lè vag ensekirite a ape monte. Yo rele sa "BRIGAD". Yo kontwole rantre sòti yon enkoni nan zòn lan epi idantifye aksyon li yo. Se pi bon mezi pou kwape ensekirite nan yon lokalite menm lè tou mwen dwe di li li genyen kote negatif li tou paske anpil fwa yo oblije fè apèl ak lanmò ki se pa poutan solisyon pwoblèm lan, ou kèk inosan konnen peyi pou koupab.
      Pale sou kontwòl moun yo leta ayisyen anvizaje kanpe yon sistèm envestigasyon pou ranmase done ki plis ke yon nesesite an ayiti nan nivo ensekirite a ape monte la. Yon sant enfòmasyon se yon depo kote yo konsève aktivite chak grenn endividi ki ape frekante ayiti. Se li ki pèmèt leta dekouvri espyonay ki prepare kont nasyon an. Kò sa marye ak tout enstitisyon e se yon devwa pou tout moun founi enfòmasyon esansyèl sou moun ki ape frekante yo. Nan yon lòt edisyopn mwen va pale sou kivalè ak kouman sa fonksyone.
      Twazyèm fason yo konbat kriminalite se kameratize tout sektè yo. Ke li te frajil ou trankil kamera jwe yon pa aktif nan kwape move mouvman nan sosyete ayisyen an. Ak yon nouvo plan pou rekonstywi Pòtoprens mwen espere leta rantre sa nan ajanda li.
      Ak laverite ayiti pa genyen ensekirite. devan peyi ki ape lite pou rezoud pwoblèm sa nou se yon bann ti zany. Ak yon fòs polis ki mwens ke 15.000 moun pou yon popilasyon ki prèske touche dizèn milyon sa fè lontan nasyon sa te ape sispann egziste. Men menm la se pa yon rezon pou nou lese grennen. Pwovèb la di: "pi bonè se granm maten". La polis selon sa yo enfòme arete yon kantite pakistanè. Nou konnen sa moun sa yo reprezante. Anvan nou rive nan stad yenen, an nou koupe kòd ki mare rezo sa.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.