vendredi 14 octobre 2011

Nan politik, genyen ennmi ou advèsè potansyèl?

Politik soti nan 2 lang; laten Plolitea ak grèk politikè ki vle di sitwayen ki ape viv nan yon kominote. Depi ou afekte pa sa ki ape pase yo, ou kapab pwopoze solisyon, di aba ou byen mwen dakò ou fè politik. Se vre se yon syans, donk egzije kèk fòmasyon pwofesyonèl men chak moun sou latè fèt ak kèk don ki pwòp ak yo menm e ki lye ak ideyoloji yo swivan bezwen ak apatenans sosyal yo. Dapre avan-seksyon nimewo 4 konstitisyon 87 la ayiti se yon peyi demokratik. Baze sou menm konstitisyon sa tout moun genyen dwa pale, chwazi gwoupman kifè li byen selon konsyans li. Moun kapab reyini san kè sote epi diskite sou sa yo vle san vyolans ni difamasyon. Edikasyon se yon bagay ki genyen plizyè branch. Ou kapab di akademik, pwofesyonèl ou familyal. Sajès yon moun kapab varye depandamman kote li soti ak kiyès li frekante. Konsa atann ape genyen divèsite opinyon ak reyaksyon sou jan bagay yo ape dewoule. Si mwen pa dakò ak ou sou yon pwen sa vle mwen pa wè li menm jan ak ou ou li pa kore enterè pèsonèl mwen. Nan okenn ka ou pa dwe kont mwen si mwen pa renmen sa ou vle. La vi a pou kò li genyen divèsite. Nwa, blan, wouy ou nenpòt lòt koulè fè bote ak sa li ye jodi a. Ki sa ki te ape rive si tout kay, tout pye bwa, zwazo, machin te mawon oubyen gri? Eske egzanp lan pa di mal la se opoze byen an? Anplis, si mwen kritike ou sa pa vle di wen pa renmen ou. Ou wè sa bon pou tout moun ape di ou tout sa ou fè bon? Ou kapab renmen lwany, se nòmal, nou totu se imen. Men konprann se pa tout moun ki ape felisite ou ki pou ou. Dèfwa yo fè li pou fawouche ou, pou pyeje ou, ou pou wè kouman ou ape reyaji.
      Nan politik pa genyen ennmi sinon advèsè fawouch. Lè moun pale, analize! obsève! Si ou pa konprann poze kesyon paske mwen se yon powèt angaje. Lè mwen pale mwen pale 2 e menm  pour toi. Mwen pale pou ou wè, pou ou tande e pou ou konprann. Pou ou wè pèp la ki ape soufri, pou ou tande li ki ape kriye e pou konprann fwa sa je nou tout kale.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pa bliye kite mesay ou pou di kouman ou panse.